Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Alò, Li t ap di yo yon parabòl pou montre ke nan tout tan yo te [a]dwe priye, e pa [b]dekouraje. 2 Li t ap di: “Te gen nan yon sèten vil, yon jij ki pa t pè Bondye, ni pa t[c]respekte moun.

3 “Alò, Te gen yon vèv nan menm vil sa a, e li te toujou ap vin kote li pou di l: ‘Ban m pwoteksyon kont advèsè mwen an.’

4 “Nan kòmansman, li pa t dakò, men apre li te vin di tèt li: ‘Malgre ke m pa pè Bondye, ni[d]respekte moun, 5 men[e]akoz ke vèv sa a anmède m, mwen va bay li pwoteksyon legal. Otreman li ap kontinye vin kote mwen tout tan, e l ap fatige m nèt.’ ”

6 Epi [f]Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di. 7 Alò, èske Bondye p ap fè jistis pou[g]sila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li va[h]fè anpil reta sou yo?

8 “Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, [i]èske Li va twouve lafwa sou latè?”

9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te[j] kwè nan tèt yo ke yo te jis, e[k]te gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesye[l]te monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

11 “Farizyen an te[m]kanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwen[n]peye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, e[o]pa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men li[p]t ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske[q]nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

15 [r]Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.

16 Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.

17 “Anverite, Mwen di nou: [s]‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’ ”

18 [t]Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”

19 Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl. 20 Ou konnen kòmandman yo. [u]‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’ ”

21 Li te di: “Tout bagay sa yo mwen fè yo depi nan jenès mwen”.

22 Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. [v]Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”

23 Men lè li te tande bagay sa yo, li te vin byen tris, paske li te gen anpil richès.

24 Lè l wè tristès li, Jésus te gade l, e te di: [w]“Tèlman li difisil pou sila ki rich yo antre nan wayòm Bondye a! 25 [x]Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon nonm rich ta antre nan wayòm Bondye a.”

26 Sila yo ki te tande sa te di: “Alò, kilès ki kapab sove?”

27 Men Li te di: [y]“Bagay ki pa posib avèk lòm posib avèk Bondye.”

28 Konsa, Pierre te di: “Gade byen, [z]nou kite pwòp kay nou pou swiv Ou.”

29 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou ke [aa]pa gen pèsòn ki te kite kay, oswa madanm, oswa paran, oswa zanfan yo, pou koz a wayòm syèl la, 30 ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e [bb]nan laj k ap vini an, lavi etènèl.”

31 [cc]Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve. 32 [dd]Paske Li va livre a etranje yo, e li va moke, maltrete, e y ap krache sou Li. 33 Lè yo fin bat Li avèk fwèt, yo va touye Li. Epi nan twazyèm jou a, l ap leve ankò.”

34 Men [ee]disip yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo. Pawòl sa te kache a yo menm, e yo pa t konprann bagay ki t ap pale yo.

35 [ff]Pandan Jésus t ap pwoche Jéricho, yon sèten mesye avèg te chita akote wout la pou mande charite.

36 Alò, li te tande foul la ki t ap pase, e te kòmanse mande kisa sa te ye. 37 Yo te reponn Li ke Jésus de Nazareth t ap pase.

38 Konsa, li te kòmanse rele fò, e te di: “Jésus, [gg]Fis a David la, Fè m gras!”

39 Sila yo ki t ap dirije chemen an t ap pale sevèman avè l pou fè silans; men li te kriye pi fò, “Jésus, [hh]Fis a David la, Fè m gras!”

40 Jésus te kanpe, e te bay lòd pou yo voye l kote Li. Lè l te vin toupre, Li te kesyone l: 41 “Kisa ou vle M fè pou ou?”

Epi Li te di: “Senyè, mwen vle vin wè ankò.”

42 Jésus te di li: “Resevwa vizyon ou; [ii]lafwa ou fè ou geri.”

43 Imedyatman, li te vin wè ankò. Konsa, li te kòmanse swiv Li e li t ap [jj]bay glwa a Bondye. Lè tout moun te wè sa, yo te bay lwanj a Bondye.

<- Luc 17Luc 19 ->