1 Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an.
Gade pou wè [a]repwòch nou.
2 Eritaj nou te bay kon don a [b]etranje yo,
kay nou yo a moun nou pa konnen.
3 Nou te devni òfelen [c]san papa.
Manman nou yo tankou vèv.
4 Nou oblije achte [d]dlo pou nou bwè.
Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.
5 Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou.
Nou vin bouke nèt.
[e]Nanpwen repo pou nou.
6 Nou te vin soumèt devan [f]Egypte ak Assyrie
pou nou jwenn ase pen.
7 [g]Papa zansèt nou yo te peche,
men yo pa la ankò;
se nou menm ki te pote inikite pa yo.
8 Se [h]esklav yo k ap domine sou nou;
nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.
9 Nou [i]riske lavi nou pou jwenn pen
akoz nepe nan dezè a.
10 Po nou vin [j]kwit tankou yon fou,
akoz gwo chalè grangou a.
11 Yo te ravaje tout [k]fanm Sion yo;
vyèj lavil a Juda yo.
12 Prens yo te pann pa men yo;
[l]ansyen yo te vin pa respekte.
13 Jennonm yo te [m]fòse travay devan moulen an
e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.
14 Ansyen yo ale kite pòtay la;
jennonm yo ale kite [n]mizik yo.
15 Jwa nan kè nou vin [o]sispann;
danse vin ranplase pa fè dèy.
16 Kouwòn nan soti sou tèt nou;
[p]malè a nou menm, paske nou te peche!
17 Akoz sa, [q]kè nou febli;
akoz bagay sa yo, zye nou pa wè klè.
18 Akoz [r]Mòn Sion ki kouche dezole nèt,
rena yo fè patwouj ladann.
19 Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan;
[s]twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.
20 Poukisa Ou [t]bliye nou jis pou tout tan?
Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?
21 [u]Restore nou a Ou menm O SENYÈ,
pou nou ka vin restore.
Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.
22 Men [v]Ou deja fin rejte nou nèt.