Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Alò, sila yo se [a]wa a peyi ke fis Israël yo te fin bat e tèren ke yo te vin posede lòtbò Jourdain an vè solèy leve a, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon ak tout Araba vè lès: 2 Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon, ki te domine [b]soti Aroër ki akote vale Arnon an, ni mitan vale a ak mwatye Galaad, menm jis rive nan ti rivyè Jabbok la, lizyè a fis Ammon an; 3 epi nan [c]Araba jis rive nan lanmè Kinnéreth la, vè lès, jis rive nan lanmè Araba a, ki se Lame Sale a, vè lès vè [d]Beth-Jeschimoth ak nan sid, nan pye pant a Mòn Pisga yo; 4 epi teritwa Og, wa Basan an, youn nan [e]retay Rephaïm ki te rete Aschtaroth ak Édréï, 5 epi li te domine sou Mòn Hermon ak Salca avèk tout Basan, jis rive nan [f]lizyè a Gechouryen ak Maakatyen yo, epi mwatye Galaad, pou rive nan lizyè Sihon, wa Hesbon an.

6 Moïse, sèvitè SENYÈ a, ak fis Israël yo te bat yo. [g]Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, kòm posesyon.

7 Alò, sila yo se wa peyi ke Josué avèk fis Israël yo te bat lòtbò Jourdain an, vè lwès, soti Baal-Gad nan vale Liban, [h] jis rive nan Mòn Halak ki leve vè Séir. Epi Josué te bay li a tribi Israël yo kòm posesyon selon divizyon pa yo, 8 nan [i]peyi ti kolin yo, nan ba plèn nan, nan Araba a, nan pant yo, nan dezè a, nan Negev la; Etyen an, Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an, Evyen ak Jebizyen an:

9 [j]wa a Jéricho a, youn; [k]wa a Ai ki akote Béthel la, youn;
10 [l]wa a Jérusalem nan, youn; wa a Hébron an, youn;
11 wa a Jarmuth lan, youn; wa a Lakis la, youn;
12 wa a Églon an, youn; wa a Guézer a, youn;
13 wa a Debir a, youn; wa a Guéder a, youn;
14 wa a Horma a, youn; wa a [m]Arad la, youn
15 wa a Libna a, youn; wa a Adulam nan, youn;
16 wa a Makkéda a, youn; wa a Béthel la, youn;
17 wa a Tappuach la, youn; [n]wa a Hépher a, youn;
18 wa a [o]Aphek la, youn; wa Lascharon an, youn;
19 wa a Madon an, youn; wa a Hatsor a, youn;
20 wa a Schimron-Meron an, youn; wa a Acschaph la, youn;
21 wa a Taanac la, youn; wa a Meguiddo a, youn;
22 wa a Kédesh la, youn; wa a Joknaem nan Carmel la, youn;
23 wa a Dor a, youn; wa a Gojim nan, toupre Guilgal, youn;
24 wa a Thirtsa a, youn. Total wa yo, tranteyen.

<- Josué 11Josué 13 ->