Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jonas pou yon dezyèm fwa. Li te di: 2 “Leve ale [a]Ninive, gwo vil la e [b]pwoklame a li menm tout pwoklamasyon ke Mwen va pale ou yo.”

3 Konsa, Jonas te ale Ninive selon pawòl SENYÈ a. Alò, Ninive te [c]tèlman yon gwo vil, li te pran twa jou ap mache pou travèse l. 4 Jonas te kòmanse travèse vil la pandan yon jou. Li te [d]kriye fò e te di: “Nan karant jou, Ninive va detwi nèt.”

5 Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon [e]jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo. 6 Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann.[f] 7 Li te pibliye yon [g]pwoklamasyon. Li te di: “Nan Ninive, pa dekrè wa a, ak prens li yo: Pa kite ni lòm, ni bèt, ni bann mouton, ni twoupo goute anyen. Pa kite yo ni manje ni bwè dlo. 8 Men ni lòm ni bèt dwe vin kouvri ak twal sak. Konsa, kite yo rele Bondye avèk tout kè yo, pou tout moun kapab [h]vire kite chemen mechan yo a, e vire kite vyolans ki nan men yo. 9 [i]Kilès ki konnen, petèt Bondye va repanti, e ralanti sou gwo kòlè Li a pou nou pa peri.”

10 Lè Bondye te wè zèv yo, ke yo te [j]vire kite chemen mechan yo a, alò [k]Bondye te repanti de gwo malè ke Li te deklare pou fè rive sou yo a. Epi Li pa t fè sa ankò.

<- Jonas 2Jonas 4 ->