Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 “Paske gade byen, nan jou sila yo

ak nan lè sa a,
lè Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,[a]
2 Mwen va [b]rasanble tout nasyon yo
pou mennen yo desann nan vale Josaphat la.
Epi Mwen va [c]antre la nan jijman avèk yo
pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël,
ke yo te gaye pami nasyon yo.
Yo te divize tè Mwen an,
3 epi te [d]voye tiraj osò pou pèp Mwen an.
Yo te [e]twoke yon gason pou yon pwostitiye
ak yon fi yo vann pou diven,
pou yo ta ka bwè.”
 
4 “Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon,
ak tout rejyon a Philistine yo?
Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen?
Men si Mwen pa jwenn rekonpans
byen vit e san delè,
Mwen va fè rekonpans nou an
[f]retounen sou tèt nou.
5 Akoz nou te [g]pran ajan Mwen
ak lò Mwen, e te mennen bagay
presye sakre Mwen yo nan tanp nou yo,
6 epi nou te vann [h]fis a Juda ak Jérusalem yo
bay Grèk yo pou yo ta ka vin rete lwen teritwa yo,
7 gade byen, Mwen va [i]fè yo leve soti
nan plas kote nou te vann yo,
pou retounen rekonpans nou an
sou pwòp tèt nou.
8 Anplis, Mwen va [j]vann fis nou yo
ak fi nou yo nan men a fis a Juda yo.
Konsa, yo va vann yo bay [k]Sabeyen yo,
yon nasyon byen lwen,”
paske SENYÈ a fin pale.
 
9 Pwoklame sa pami nasyon yo:
[l]“Prepare nou pou fè lagè!
Anime mesye pwisan yo!
Kite tout sòlda yo vin pi pre.
Kite yo monte kote nou.
10 [m]Bat lam cha pou yo fè epe,
ak kwòk rebondaj pou fè lans.
Kite moun fèb yo di: ‘Mwen pwisan!’
11 [n]Fè vit vini, tout nasyon ki ozalantou yo.
Rasanble nou ansanm.”
Fè desann la, O SENYÈ, moun pwisan Ou yo.
12 “Kite nasyon yo leve pwop tèt yo
pou vin monte nan vale Josaphat la;
paske se la Mwen va chita pou jije
tout nasyon ki ozalantou yo.[o]
13 [p]Fè antre boutdigo rekòlt la,
paske [q]rekòlt la vin mi.
Vin mache foule anba pye,
paske pèz diven an vin plen.
Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.”
14 [r]Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an!
Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an.
15 [s]Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa,
e zetwal yo va pèdi briyans yo.
16 Senyè a va gwonde soti nan Sion,
e va sone vwa Li soti Jérusalem.
Syèl yo ak tè a va tranble,
men SENYÈ a se yon [t]refij pou pèp Li a,
ak yon [u]sitadèl pou fis Israël yo.
17 Konsa, nou va [v]konnen
ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,
ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an.
Nan lè sa a Jérusalem va sen,
e [w]etranje yo p ap pase ladann ankò.
18 Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf.
Nan kolin yo, se lèt ki va koule;
tout [x]ravin nan Juda va gen dlo,
epi yon [y]sous va sòti lakay SENYÈ a
pou awoze vale a Sittim nan.
19 Égypte va vin yon dezè,
Edom va vin yon savann dezole,
akoz [z]vyolans ki te fèt sou fis Israël yo,
akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo.
20 Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tan
e Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.[aa]
21 Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo,
paske SENYÈ a rete nan Sion.”[bb]

<- Joël 2