Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Konsa, Job te reponn. Li te di:

2 “Anverite, mwen konnen sa se vrè;
alò, kijan yon [a]nonm kapab genyen dwa
devan Bondye?
3 Si yon moun te vle [b]diskite avèk Li,
li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.
4 Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs;
se kilès ki konn [c]reziste ak Li san donmaj?
5 Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen,
lè Li boulvèse yo nan fachez Li.
6 Li [d]souke latè sòti nan plas li,
e fè [e]pilye fondasyon li yo tranble.
7 Li kòmande [f]solèy la pou l pa klere
e ki mete yon so sou zetwal yo.
8 Se Li menm sèl ki [g]rale lonje syèl yo
e bese vag lanmè yo.
9 Li sèl ki fè sou syèl la [h] gwo Ourse la ak Orion an,
avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.
10 Li menm ki [i]fè gwo bagay mèvèy yo,
avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.
11 Si Li ta vin pase bò kote mwen, [j]mwen pa t ap wè L.
Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.
12 Gade byen, Li rache retire,
se kilès ki ka anpeche L?
Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?
 
13 “Bondye p ap detounen kòlè Li.
Anba Li, byen akwoupi, se asistan a [k]Rahab yo.
14 Kijan [l]mwen kab reponn Li,
e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?
15 Paske malgre mwen te gen rezon,
mwen pa t kab reponn.
Mwen ta oblije [m]mande gras a Jij mwen an.
16 Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen,
mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.
17 Paske Li fin [n]brize m nèt ak yon tanpèt,
e ogmante blese mwen yo san koz.
18 Li [o]pa lèse m pran souf,
men fè m debòde ak [p]sa ki anmè.
19 Men [q]pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs!
Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye
pwosè vèbal bay Li menm?
20 Malgre mwen dwat, [r]bouch mwen ap kondane m;
malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.
21 Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm;
mwen [s]rayi lavi m.
 
22 “Tout se menm bagay.
Akoz sa mwen di [t] Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’
23 Si frèt la vin touye sibitman,
l ap [u]moke dezolasyon inosan an.
24 Ak lemonn nan [v] ki sede nan men a mechan yo,
Li fin [w]kouvri figi a jij latè yo.
Si se pa Li menm, eh byen se kilès?
 
25 “Alò, [x]jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous;
Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.
26 Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan [y]wozo,
tankou yon [z]èg ki vole plonje sou viktim li.
27 Malgre mwen di ke m va bliye [aa]plent mwen,
ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,
28 mwen krent tout doulè mwen yo.
Mwen konnen ke [bb]Ou p ap bliye fot mwen yo.
29 Mwen gen tan fin jije [cc]koupab.
Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?
30 Si m ta [dd]lave m nèt ak lanèj,
e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò,
31 malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la,
e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.
32 Paske [ee]Li pa yon nonm kon mwen, [ff]pou m ta reponn Li,
pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.
33 Nanpwen moun ki pou [gg]fè antant antre nou,
ki ta kab mete men l sou nou toulède.
34 Kite Li [hh] retire baton Li sou mwen,
e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.
35 Konsa, mwen [ii]ta pale san fè laperèz devan L;
men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”