Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 “Èske lòm pa [a]oblije fè kòve sou latè?

Èske jou li yo pa tankou jou a yon [b]ouvriye jounalye?
2 Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj,
tankou jounalye k ap tann kòb li,
3 se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè,
e [c]nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.
4 Lè m [d]kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’
Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten.
5 [e]Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè.
Po m vin di e li koule pij.
6 Jou m yo mache [f]pi vit ke mach aparèy tise a.
Yo fini [g]sanzespwa.
7 Sonje byen ke lavi m [h]pa plis ke yon souf;
zye m [i]p ap wè sa ki bon ankò.
8 [j]Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò.
Zye Ou va sou mwen, men [k]mwen p ap la ankò.
9 Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt.
Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò.
10 Li p ap retounen ankò lakay li,
ni [l]plas li p ap rekonèt li ankò.
 
11 “Akoz sa a, mwen p ap [m]met fren nan bouch mwen.
Mwen va pale nan doulè lespri m;
mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.
12 Èske se lanmè mwen ye, oswa [n]bèt jeyan lanmè a,
pou Ou te mete gad sou mwen?
13 Si mwen di: [o]‘Kabann mwen va ban m repo,
sofa m va soulaje plent mwen,’
14 answit, Ou fè m krent ak rèv,
e teworize m ak vizyon;
15 jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe;
pito lanmò olye doulè mwen yo.
16 Mwen fin epwize nèt;
mwen p ap viv tout tan.
Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.
17 [p]Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li
e pou Ou bay ka li enpòtans,
18 pou [q]Ou fè l pase egzamen chak maten e
fè l pase eprèv chak moman?
19 [r]Èske Ou p ap janm sispann gade m,
ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m?
20 [s]Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou,
[t]Ou menm, ki gadyen lòm?
Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou
jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?
21 Poukisa konsa [u]Ou pa padone transgresyon mwen yo,
e retire inikite mwen yo?
Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a;
Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”

<- Job 6Job 8 ->