1 “Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn?
A kilès nan [a]sen fidèl yo ke ou va vire?
2 Paske [b]rankin va touye moun ki plen foli,
e jalouzi va touye moun senp lan.
3 Mwen te wè [c]moun san konprann ki t ap pran rasin,
e byen vit, mwen te denonse kay li.
4 [d]Fis li yo pa jwenn sekirite ditou;
menm nan pòtay la, yo oprime,
ni pa gen moun pou delivre yo.
5 Moun grangou yo devore rekòlt li,
e mennen l yon kote plen pikan.
Epi [e]pelen an rete ovèt pou sezi tout byen yo.
6 Paske [f]malè pa sòti nan pousyè,
ni gwo twoub pa pouse soti nan tè;
7 paske [g]lòm fèt pou gwo twoub,
tankou etensèl dife vole anlè.
8 [h]“Men pou mwen, mwen ta chache Bondye,
pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.
9 Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan;
mèvèy ki pa kab menm konte yo.
10 Li [i]bay lapli sou tè a,
e voye dlo sou chan yo,
11 Jiskaske [j]Li leve sila ki enb yo,
e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.
12 Li [k]anile manèv a sila ki gen riz yo
pou men yo pa reyisi.
13 Li [l]kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo,
e konsèy a moun k ap twonpe moun nan
vin kontrekare byen vit.
14 Nan gwo lajounen, yo [m]jwenn ak tenèb,
e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.
15 Men li sove yo de [n]nepe a pwop bouch yo,
e menm malere a chape nan men pwisan an.
16 Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa,
e [o]inikite oblije pe bouch li.
17 “Gade byen kijan nonm
ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan.
Konsa, [p]pa meprize disiplin Toupwisan an.
18 Paske se [q]Li menm ki blese,
e se Li menm ki retire blesè a;
Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.
19 Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo;
Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.
20 Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò,
e nan [r]lagè, devan pouvwa nepe a.
21 Ou va pwoteje devan blese a lang lan,
e [s] ou p ap pè vyolans lan lè l vin parèt.
22 Ou va [t]ri devan vyolans ak grangou,
e ou p ap pè bèt sovaj yo.
23 Paske ou va fè alyans ak wòch chan yo,
e [u]bèt sovaj yo va anpè avèk ou.
24 Ou va konnen ke [v]tant ou an pwoteje,
paske ou va vizite lakay ou san krent ni pèt.
25 Anplis, ou va konnen ke [w]desandan ou yo va anpil,
e [x]sila ki sòti nan ou yo anpil tankou zèb latè.
26 Ou va [y]rive nan tonbo a ak tout fòs ou,
tankou gwo sak ble nan sezon li.
27 Gade sa byen; nou te fè ankèt li, e se konsa li ye.
Tande sa e konnen l pou kont ou.”
<- Job 4Job 6 ->
- a Job 15:15
- b Pwov 12:16
- c Jr 12:2
- d Job 4:11
- e Job 18:8-10
- f Job 15:35
- g Job 14:1
- h Job 13:2-3
- i Job 36:27-29
- j Job 22:29
- k Sòm 33:10
- l Job 37:24
- m Job 12:25
- n Job 4:11
- o Sòm 107:42
- p Eb 12:5-11
- q És 30:28
- r Sòm 144:10
- s Sòm 91:5-6
- t Job 8:21
- u És 11:6-9
- v Job 8:6
- w Sòm 112:2
- x És 44:3-4
- y Job 42:17