Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Anplis, SENYÈ a te di a Job:

2 “Èske li k ap jwenn fot va [a]fè kont ak Tou Pwisan an?
Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.”
3 Konsa, Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
4 “Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou?
Mwen [b]poze men m sou bouch mwen.
5 Yon fwa mwen te pale e [c]mwen pa p replike l;
menm de fwa, men m pap wale pi lwen.”
 
6 Konsa, [d]SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di:
7 Alò, mare senti ou kon gason;
Mwen va [e]mande ou yon bagay, e ou va enstwi M.
8 Èske anverite ou va anile jijman Mwen an?
Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?
9 Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye,
ak yon vwa ki ka [f]gwonde tankou pa L la?
10 [g]Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè.
Mete sou ou lonè ak laglwa.
11 Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap [h]debòde nan ou.
Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.
12 Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e [i]fè yo bese, vin ba.
Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.
13 [j]Kache yo ansanm nan pousyè a.
Mare figi yo nan plas kache a.
14 Epi konsa M ap konfese a ou menm
ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou.
15 Gade byen Beyemòt la [k]ke M te fè
menm tankou Mwen te fè w la;
Li manje zèb tankou bèf.
16 Gade koulye a, fòs li nan ren li,
e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo.
17 Li koube ke li tankou yon sèd;
venn nan kwis li yo koude ansanm nèt.
18 Zo li se tiyo ki fèt an bwonz;
janm li tankou ba fè.
19 Li se [l]premye nan chemen Bondye a;
fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li.
20 Anverite, mòn yo [m]mennen bay li manje
kote tout bèt sovaj latè yo jwe.
21 Anba zèb dlo, li kouche;
nan kouvèti wozo a ak marekaj la.
22 Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj;
bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li.
23 Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble;
li gen konfyans malgre [n]Jourdain an rive jis nan bouch li.
24 Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye;
menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?

<- Job 39Job 41 ->