1 Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;
2 Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou,
èske ou va pèdi pasyans?
Men se [a]kilès ki kab refize pale?
3 Gade byen, [b]ou te enstwi anpil lòt moun;
ou te ranfòse menm fèb yo.
4 Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe,
e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.
5 Men koulye a, se sou ou sa rive,
e ou [c]pa gen pasyans.
Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
6 Èske se pa [d]lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou,
ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?
7 “Sonje byen [e]se kilès ki kon peri inosan?
Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi?
8 Selon sa ke mwen menm te wè, [f]sila ki raboure inikite yo,
ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.
9 [g]Pa souf Bondye, yo peri,
e pa van chalè Li, yo fini nèt.
10 [h]Gwo vwa a lyon fewòs la,
vwa fewòs a lyon an,
e dan a jenn lyon yo fin kase.
11 [i]Pi gran lyon an peri paske li manke manje,
e pitit li yo vin gaye.
12 “Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen;
zòrèy mwen te resevwa yon [j]ti souf li.
13 Pami [k]refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo,
lè dòmi pwofon tonbe sou moun,
14 laperèz te vini sou mwen.
Mwen te tranble e zo m yo te souke.
15 Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen;
plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m.
16 Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li.
Yon fòm te devan zye m.
Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:
17 'Èske [l]lòm kapab jis devan Bondye?
Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?
18 Menm nan sèvitè Li yo, [m]Li pa mete konfyans;
ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.
19 Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo,
ki gen pousyè kon [n]fondasyon,
ki vin kraze devan papiyon!
20 [o]Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso;
san yo pa wè anyen, yo peri nèt.
21 Èske [p]kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan?