1 Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
2 “Koute pawòl mwen yo, sila ki saj pami nou.
Koute mwen, nou menm ki gen konesans.
3 Paske [a]zòrèy la fè prèv pawòl yo,
jan bouch la goute manje a.
4 Kite nou chwazi pou nou menm sa ki dwat;
kite nou konnen pami nou menm sa ki bon.
5 Paske Job te di: ‘Mwen dwat, men
[b]Bondye te rache dwa mwen an;
6 èske mwen ta dwe manti selon dwa m?
[c]Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’
7 Se kilès ki tankou Job,
k ap [d]bwè giyonnen moun tankou se dlo,
8 ki ale [e]kenbe konpanyen ak sila ki fè inikite yo,
e mache avèk moun malveyan yo?
9 Paske li te di: [f]‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun
lè l pran plezi li nan Bondye.’
10 “Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann.
Fòk se lwen pou Bondye ta [g]fè mechanste,
e pou Toupwisan an fè mal.
11 Paske Li rekonpanse lòm selon [h]zèv li yo,
e fè li jwenn selon chemen li.
12 Anverite, [i]Bondye p ap aji avèk mechanste,
ni Toupwisan an p ap fè jistis vin konwonpi.
13 Se kilès ki te [j]bay Li otorite sou latè?
Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li?
14 Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta [k]ranmase tout a Li menm
pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a,
15 Tout [l]chè ta peri ansanm,
e lòm ta [m]retounen nan pousyè.
16 “Men si gen moun bon konprann, koute sa a;
koute vwa pawòl mwen yo.
17 Èske menm [n]yon moun ki rayi jistis ta dwe renye?
Èske ou va kondane Sila ki dwat e pwisan an,
18 ka p di a yon wa: ‘Sanzave’,
a prens yo: ‘Nou mechan’;
19 Ki p ap montre [o]patipri a prens yo,
ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv,
paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.
20 Nan yon moman, yo mouri;
epi [p]nan mitan lannwit, yon pèp vin etone.
Pwisan yo disparèt.
Yo retire san yon men leve.
21 “Paske [q]zye Li sou chemen a yon nonm.
Li wè tout pa li fè.
22 Nanpwen [r]fènwa, ni lonbraj fonse
kote malfektè inikite yo kab kache kò yo.
23 Paske Li pa [s]bezwen obsève yon nonm anpil
pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye.
24 Li kraze [t]moun pwisan an an mòso, jan nou pa menm konprann,
e mete lòt moun nan plas yo.
25 Se konsa, Li [u]konnen zèv yo.
Li boulvèse yo nan lannwit, e yo kraze nèt.
26 Li [v]frape yo tankou mechan
nan yon kote pou tout moun wè,
27 Akoz yo [w]vire akote nan swiv Li, e pat okipe chemen Li yo;
28 akoz yo te fè [x]kri a malere a rive kote Li.
Li te tande kri a aflije yo.
29 Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L?
Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L?
Li pli wo ke nasyon, ni lòm,
30 pou [y] anpeche moun ki san Bondye yo vin
reye, ke pa vin gen yon pèlen pou pèp yo.
31 “Paske èske nenpòt kon di Bondye,
‘Mwen koupab, mwen p ap fè ofans ankò;
32 enstwi mwen sa ke m pa wè.
Si mwen te [z]fè inikite, mwen p ap fè l ankò’?
33 Èske Li va [aa]rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li?
Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen.
Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.
34 Moun ak bon konprann va di mwen,
oswa yon nonm saj ki tande m va di:
35 ‘Job [bb]pale san konesans;
pawòl li yo san sajès.
36 Mwen ta pito yo fè pwosè kont Job,
jis rive nan tout limit li,
akoz li reponn [cc]tankou moun mechan yo.
37 Paske li ogmante [dd]rebelyon sou tout lòt peche l yo.
Li bat men li pami nou,
e ogmante pawòl li yo kont Bondye.’ ”
- a Job 12:11
- b Job 27:2
- c Job 6:4
- d Job 15:16
- e Job 22:15
- f Job 21:5
- g Job 8:3
- h II Kor 5:10
- i Job 34:10
- j Job 38:4
- k Sòm 104:29
- l Jen 7:21
- m Job 10:9
- n II Sam 23:3
- o I Pi 1:17
- p Egz 12:29
- q Pwov 15:3
- r Sòm 139:11-12
- s Job 11:11
- t Job 12:19
- u Job 34:11
- v Sòm 9:5
- w I Sam 15:11
- x Job 35:9
- y Job 5:15
- z Job 33:27
- aa Job 41:11
- bb Job 35:16
- cc Job 22:15
- dd Job 23:2