Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 “Malgre sa, koulye a, Job, souple [a]tande mesaj mwen an

e koute tout pawòl mwen yo.
2 Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen.
Se lang nan bouch mwen ki pale.
3 Pawòl mwen yo sòti nan ladwati kè mwen,
e lèv mwen pale [b]soti yon kè ki renmen verite a.
4 Se [c]Lespri Bondye ki te fè m,
e souf Toupwisan an ki ban m lavi.
5 [d]Di m se pa sa, si ou kapab.
Alinye pawòl ou yo an lòd devan m, e kanpe.
6 Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou.
Mwen menm tou te fèt ak [e]ajil la.
7 Gade byen, se pa [f]okenn krent mwen gen,
ki ta bay ou laperèz,
ni se pa akoz fòs pwa balans mwen an,
ke ou ta twouve chaj la lou.
 
8 “Anverite, ou te pale kote pou m ta tande,
e mwen te tande son a pawòl ou yo.
9 Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon;
mwen inosan e [g]nanpwen koupabilite nan mwen.
10 Gade byen, Li envante pretèks kont mwen;
Li [h]kontwole m tankou lènmi.
11 Li [i]mete pye mwen nan sèp;
Li veye tout chemen mwen yo.’
 
12 “Gade byen Job, kite mwen di ou, [j]ou pa gen rezon nan sa,
paske Bondye pi gran ke lòm.
13 Poukisa ou [k]plenyen kont Li
ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo?
14 Anverite, [l]Bondye pale yon fwa, oswa de fwa,
men pèsòn pa okipe sa.
15 Nan yon [m]rèv, yon vizyon nan nwit la,
lè dòmi pwofon kon tonbe sou lòm,
pandan yo nan somèy sou kabann yo,
16 konsa, [n]Li ouvri zòrèy a lòm
e mete so sou enstriksyon yo,
17 pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li
e anpeche li fè ògèy.
18 Konsa, Li [o]pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la
e lavi li pou l pa lantre [p]nan Sejou Lanmò a.
 
19 “Lòm, anplis, resevwa chatiman [q]doulè sou kabann li;
avèk plent san rete jis rive nan zo li;
20 jiskaske lavi li vin [r]rayi pen,
e nanm li, manje ke li te pi renmen an.
21 [s]Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l
e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt.
22 [t]Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a
e lavi li pwoche sila kap detwi yo.
 
23 “Si gen yon zanj pou ta [u]entèsede pou li,
se tankou youn nan yon milye,
ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li,
24 konsa, Bondye fè l gras. Li di l:
‘Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a,
Mwen te twouve yon [v]racha.’
25 Kite chè li vin pi fre ke li te ye nan jenès li.
Kite li retoune nan jou a fòs jenès li yo.
26 Konsa, li va [w]priye a Bondye,
e Li va aksepte li, pou l kab wè figi L plèn ak jwa.
Se konsa, Li restore ladwati a lòm.
27 Li va chante devan lèzòm. Li va di:
“Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat,
e li pa t bon pou mwen.
28 Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a,
e lavi m [x]va wè limyè a.’
 
29 “Gade byen, Bondye konn fè [y]tout bagay
sa yo de fwa, menm twa fwa ak yon nonm,
30 pou [z]mennen nanm li fè l sòti kite fòs lanmò a,
pou l kab eklèsi ak limyè lavi a.
31 Prete atansyon, O Job, koute m byen;
rete an silans e kite mwen pale.
32 Si ou gen yon bagay pou di, alò, reponn mwen;
pale, paske mwen vle ba ou rezon.
33 Men si non, koute mwen;
rete an silans, e mwen va montre ou sajès.”

<- Job 32Job 34 ->