1 “Mwen te fè yon akò ak [a]zye m;
alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?
2 Paske se kisa ki [b]pòsyon Bondye soti anwo a,
ak eritaj a Toupwisan an soti anwo a?
3 Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo,
ak yon dezas pou [c]sila ki fè inikite yo?
4 Èske Li pa [d]wè chemen mwen yo
e kontwole tout pa mwen yo?
5 “Si mwen te [e]mache nan sa ki fo,
e pye m te kouri dèyè twonpe moun,
6 (kite Li [f]peze mwen nan yon balans ki jis
e kite Bondye konnen entegrite m).
7 Si pa m yo te [g]vire kite chemen an,
oswa kè m te swiv zye m,
oswa si gen yon tach ki kole sou men m,
8 kite mwen [h]simen pou yon lòt ta manje,
e kite tout sa m plante vin rache.
9 “Si kè m te [i]sedwi pa yon fanm,
oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen,
10 kite madanm mwen graje pou yon lòt
e kite [j]lòt yo vin kouche sou li.
11 Paske sa ta yon krim [k]sansyèl;
anplis, li ta yon inikite ki ta dwe jije.
12 Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan [l]Sejou Lanmò yo
e ta derasine tout byen mwen ranmase yo.
13 Si mwen te [m]refize demand esklav mwen an,
gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,
14 alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve?
Konsa, lè L rele m pou jijman,
ki repons mwen ta kab bay Li?
15 Èske [n]Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou?
Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?
16 Si mwen te [o]anpeche malere yo nan dezi yo,
oswa te fè zye a vèv la pa wè klè,
17 oswa te manje pòsyon pa mwen pou kont mwen
san [p]òfelen an pa jwen ladann,
18 (Men depi jenès mwen, òfelen an te grandi avè m tankou papa l
e soti nan anfans lan, mwen te fè gid pou vèv la),
19 si mwen te wè yon moun peri akoz mank rad,
oswa ke [q]sila ak bezwen pa t gen anyen pou kouvri l,
20 si kè li pa t beni m,
si li pa t chofe ak lenn mouton mwen an,
21 si mwen te leve men m kont [r]òfelen an,
akoz mwen te wè soutyen mwen nan pòtay la,
22 alò, kite zepòl mwen tonbe sòti nan zepòl li,
e [s]bra m kase soti nan zo li.
23 Paske m pè anpil malè Bondye a.
Li tèlman gran ak [t]majeste,
m pa ka fè anyen devan L.
24 Si se nan [u]lò mwen te mete espwa m,
pou m te di lò fen a, ‘se ou ki konfyans mwen,’
25 Si mwen te [v]rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran,
e akoz men m te tèlman ranmase anpil;
26 si mwen te [w]gade solèy la lè l t ap brile,
oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,
27 epi kè m te vin sedwi an sekrè,
e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,
28 sa osi ta yon inikite ki merite jijman,
paske mwen t ap [x]abandone Bondye anwo a.
29 Èske mwen te [y]rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt?
Oswa bat men m lè mal vin rive li?
30 Non, [z]mwen pa t kite bouch mwen peche,
ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon.
31 Èske mesye nan tant mwen yo pa t di:
‘Ou pa p twouve yon moun ki pa [aa]satisfè ak vyann pa li a?’
32 Etranje a pa t rete deyò;
mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a.
33 Èske m te [bb]kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam?
Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,
34 akoz mwen te [cc]krent gwo foul la?
Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo,
te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò?
35 O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen!
Gade byen, men otograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen!
Mennen pwosè vèbal ke [dd]akizè a te ekri.
36 Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen;
mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn.
37 Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran.
Tankou [ee]yon prens mwen ta parèt devan L.
38 Si menm [ff]teren mwen an rele kont mwen,
e tout tranch li yo kriye ansanm;
39 si mwen te manje fwi li san lajan,
oswa te [gg]kòz ke mèt li yo te pèdi lavi yo,
40 kite [hh]pikan yo grandi olye ble
e zèb santi fò ranplase lòj la.”
Pawòl yo a Job se fini.
<- Job 30Job 32 ->
- a Mat 5:28
- b Job 20:29
- c Job 34:22
- d II Kwo 16:9
- e Job 15:31
- f Job 6:2-3
- g Job 23:11
- h Lev 26:16
- i Job 24:15
- j Det 28:30
- k Lev 20:10
- l Job 26:6
- m Det 24:14-15
- n Job 10:3
- o Job 5:16
- p Job 29:12
- q Job 24:4
- r Job 29:12
- s Job 38:15
- t Job 13:11
- u Job 22:24
- v Job 1:3-10
- w Det 4:19
- x Jos 24:27
- y Pwov 17:5
- z Sòm 7:4
- aa Job 22:7
- bb Jen 3:10
- cc Egz 23:2
- dd Job 27:7
- ee Job 1:3
- ff Job 24:2
- gg I Wa 21:19
- hh Job 32:13