1 Epi Tsophar, Naamatit lan, te reponn:
2 “Akoz sa a, tout refleksyon k ap boulvèse m yo, fè m fè repons,
menm akoz tout anndan m tèlman ajite.
3 Mwen tande [a]repwòch ki fè m wont.
Konsa, lespri bon konprann mwen fè m reponn.
4 Èske ou pa konnen bagay sa a depi nan [b]tan ansyen an,
depi lòm te mete sou latè,
5 Ke [c]viktwa a mechan yo kout,
e [d]jwa a enkwayan an se pou yon moman?
6 Malgre wotè li ta [e]rive nan syèl la,
pou tèt li ta touche nwaj yo,
7 l ap [f]peri nèt tankou fatra.
Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’
8 Li vole ale tankou yon [g]rèv, e yo pa kab jwenn li.
Menm tankou yon rèv lannwit, li fin [h]chase ale.
9 [i]Zye ki te wè l la pa wè l ankò,
e plas li a pa gade li ankò.
10 [j]Fis li yo fè byen pou malere yo,
e men yo [k]remèt byen li yo.
11 [l]Zo li yo plen ak fòs jenès li,
men li kouche ansanm avè l nan pousyè a.
12 “Sepandan, [m]mechanste dous nan bouch li
e li kache li anba lang li,
13 Li pito mal la, e refize lage l,
men kenbe li [n]nan bouch li,
14 men manje nan vant li vire.
Li tounen pwazon vipè anndan l.
15 Li te vale richès,
men [o]vomi fè yo retounen vin parèt.
Bondye va fè yo sòti nan vant li.
16 Li souse [p]pwazon koulèv yo;
lang a vipè a kap touye li.
17 Li pa gade [q] dlo yo ankò,
ni rivyè ki koule yo ak siwo ak bòl lèt yo.
18 Li [r]remèt sa ke li te pran an.
Li pa kab vale l.
Afè richès a komès li yo,
li pa kab menm rejwi de yo.
19 Paske li te [s]oprime e abandone malere yo.
Li te sezi yon kay ke li pa t bati.
20 “Akoz li pa t kab kalme kè l,
li pat kab [t] kenbe anyen nan sa li renmen.
21 Anyen pat rete ke li pat devore;
akoz sa a, [u] byen li yo pat dire.
22 Ranpli ak tout bagay li, li va jennen;
[v] men a tout moun ki soufri yo va vini kont li.
23 Lè li [w] plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li.
Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje.
24 Li kapab [x] sove ale devan zam fèt ak fè a,
men banza fèt an bwonz lan va tire frennen l.
25 L ap rale sòti parèt dèyè do li,
menm pwent glise a soti nan fyèl li.
[y] Gwo laperèz va parèt sou li.
26 Fènwa nèt rezève kon trezò li,
e [z] flanm dife san van an va devore li.
Li va manje tout sa ki rete nan tant li an.
27 [aa] Syèl yo va revele inikite li
e tè a va leve kont li.
28 [bb] Riches lakay li va pati,
posesyon li yo va ale [cc]nan jou kòlè Li a.
29 Sa se [dd] pòsyon a moun mechan
k ap sòti nan men Bondye,
sa se eritaj ke Bondye òdone pou bay li.”
<- Job 19Job 21 ->
- a Job 19:3
- b Job 8:8
- c Sòm 37:35-36
- d Job 8:13
- e És 14:13-14
- f Job 4:20
- g Sòm 73:20
- h Job 27:21-23
- i Job 7:8
- j Job 5:4
- k Job 27:16-17
- l Job 21:23-24
- m Job 15:16
- n Nonb 11:18-23
- o Job 20:10-21
- p Det 32:24-33
- q Det 32:13-14
- r Job 20:10-15
- s Job 24:2-4
- t Ekl 5:13-14
- u Job 15:29
- v Job 5:5
- w Job 20:13
- x És 24:18
- y Job 18:11-14
- z Job 15:30
- aa Det 31:28
- bb Det 28:31
- cc Job 20:15
- dd Job 27:13