Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 [a]Ankò, yon jou te rive lè fis a Bondye yo te vin prezante yo devan SENYÈ a, e Satan osi te vin prezante li menm devan SENYÈ a. 2 SENYÈ a te di a Satan: “Kibò ou sòti?”

Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè, e te mache toupatou sou li.”

3 SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou [b]kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”

4 Satan te reponn SENYÈ a. Li te di: “Chè pou chè! Wi, tout sa yon nonm genyen, li va bay pou lavi li. 5 Malgre sa, lonje men Ou koulye a e [c]touche zo li avèk chè li. Li va modi Ou devan figi Ou.”

6 Konsa, SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, li nan pouvwa ou. Sèlman konsève lavi li.”

7 Konsa, Satan te sòti nan prezans SENYÈ a e te frape Job avèk [d]abse ak maleng soti anba pye li jis rive sou kwòn tèt li. 8 Job te pran yon mòso cha kanari pou grate kò l pandan [e]li te chita nan mitan sann yo. 9 Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”

10 Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. [f]Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?”

Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li. 11 Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, [g]Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamatit la. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò. 12 Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te [h]jete pousyè sou tèt yo vè syèl la. 13 [i]Konsa, yo te chita atè avèk li pandan sèt jou ak sèt nwit san pèsòn pa t pale yon mo ak li, paske yo te wè ke doulè li te tèlman gran.

<- Job 1Job 3 ->