1 Epi Bildad, Shuach la te reponn:
2 “Pou jiskilè ou va chase pawòl?
Montre bon sans ou pou nou kab pale.
3 Poukisa nou [a]gade tankou bèt,
tankou sòt nan zye ou?
4 O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou,
èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone,
oswa wòch la deplase nan plas li?
5 “Anverite, [b]limyè a mechan an va etenn,
e flanm dife li pap bay limyè.
6 Limyè nan tant li an vin [c]fènwa,
e lanp li etenn sou li.
7 Gran pa dyanm li yo vin kout,
e [d]pwòp manèv li a vin desann li.
8 Paske li [e]tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li
e li mache sou file a.
9 Yon pèlen pran l pa talon,
e yon filè vin fèmen sou li.
10 Yon pyèj kache pou li nan tè a,
e yon zatrap sou chemen li.
11 Patou [f]laperèz fè l sezi e kouri dèyè l
nan chak pa ke li fè.
12 Fòs li vin [g]epwize e gwo dega parèt akote li.
13 Kò li devore pa maladi;
premye ne lanmò a [h]devore manm kò li yo.
14 Li [i]fin chire soti nan sekirite tant li an
e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.
15 Anyen pa rete nan tant li ki pou li;
[j]souf gaye toupatou sou abitasyon li.
16 [k]Rasin li vin sèch anba li,
e [l]branch li fin koupe pa anwo.
17 [m] Memwa li fin disparèt sou tè a
men li pa gen non nan okenn lòt peyi.
18 Li bourade pouse lwen limyè a pou rive [n]nan tenèb,
e chase jis deyò mond kote moun rete a.
19 Li pa gen ni [o]desandan ni posterite pami pèp li a,
ni okenn moun ki rete kote li te demere.
20 Sila nan lwès yo vin revòlte de [p]desten li
e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz.
21 Anverite, se konsa [q]abitasyon a mechan yo ye a.