1 Epi Éliphaz Temanit lan te reponn:
2 Èske yon nonm saj ta dwe bay repons
ak konesans ki sòti nan van,
[a]e ki plen tèt li avèk van lès?
3 Èske li ta diskite ak pale initil,
oswa ak pawòl ki pa gen valè?
4 Anverite, ou manke respè Bondye
e ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye.
5 Paske se [b]koupabilite ou ki enstwi bouch ou,
e ou chwazi langaj a rizye yo.
6 [c]Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen;
epi pwòp lèv ou fè temwayaj kont ou.
7 “Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a,
oswa [d]èske ou te fèt avan tout kolin yo?
8 Èske ou konn tande [e]konsèy sekrè a Bondye yo,
oswa èske tout sajès se pou ou sèl?
9 [f]Kisa ou konnen ke nou pa konnen?
Èske ou konprann sa nou pa kapab konprann?
10 Genyen ni granmoun ak moun [g]cheve blanch pami nou,
ki pi gran pase papa ou.
11 Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou,
menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo?
12 Poukisa a[h]kè ou pote ou rive lwen konsa?
Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa?
13 Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e
kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?
14 Kisa lòm nan ye pou [i]li ta kab san tach,
oswa [j]sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?
15 Gade byen, Li pa mete konfyans menm nan [k]sen Li yo
e menm syèl yo pa san tach nan zye Li;
16 konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi;
lòm ki [l]bwè inikite kon dlo a!
17 “M ap di ou, koute m byen;
sa mwen konn wè, anplis m ap deklare li;
18 [m]sa ke moun saj konn pale
e ki pa t kache sòti de papa pa yo,
19 A sila yo menm sèl ke tè a te donnen,
e pa t gen etranje ki te pase pami yo.
20 Moun mechan an vire tounen [n]nan pwòp doulè li tout tan,
e fòs lane pou moun mechan yo byen kontwole.
21 Bri laperèz sone nan zòrèy li.
[o]Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.
22 Li pa gen espwa [p]sòti nan tenèb la.
Desten li se [q]nepe.
23 Li mache egare pou chache manje epi di:
‘Kote li ye?’
Konsa, li konnen ke [r]jou tenèb la gen tan rive.
24 Twoub ak gwo soufrans fè l gen gwo laperèz.
Yo fè l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake.
25 Paske li fin lonje men l kont Bondye
e aji ak [s]awogans kont Toupwisan an.
26 Li kouri kou rèd sou li tèt avan
avèk gwo boukliye li.
27 Paske li fin [t]kouvri figi li ak grès li,
e fè kwis li vin lou ak chè.
28 Li te [u]viv nan vil dezole yo,
nan kay kote pèsòn pa ta rete yo,
ki fèt pou vin dekonble nèt.
29 Li [v]p ap vin rich, ni fòtin li p ap dire;
tèt sereyal li yo p ap janm bese rive atè.
30 Li p ap [w]chape nan tenèb la.
Flanm nan va seche tout boujon li yo.
Kon [x]souf bouch li, lap wale nèt.
31 Pa kite li [y]mete konfyans nan gwo vid la.
Sa a ta yon desepsyon;
paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.
32 Sa va vin rive [z]avan lè li.
Branch palmis li p ap vèt.
33 Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen a,
e va [aa]jete flè li kon pye oliv la.
34 Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril,
epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
35 Yo [bb] plante mal la, e yo rekòlte inikite;
epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”
<- Job 14Job 16 ->
- a Job 6:26
- b Job 22:5
- c Job 18:7
- d Job 38:4-21
- e Wo 11:34
- f Job 12:3
- g Job 12:12
- h Job 11:13
- i Ekl 7:20
- j Job 25:4
- k Job 5:1
- l Job 34:7
- m Job 8:8
- n Job 15:24
- o Job 20:21
- p Job 15:30
- q Job 19:29
- r Job 15:22-30
- s Job 36:9
- t Sòm 73:7
- u Job 3:14
- v Job 27:16-17
- w Job 5:14
- x Job 4:9
- y Job 35:13
- z Job 22:16
- aa Job 14:2
- bb Sòm 7:14