1 [a]“Veye byen, zye m gen tan wè tout sa.
Zòrèy mwen tande e konprann li.
2 [b]Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou;
mwen pa pi ba pase ou.
3 “Men [c]mwen ta pale ak Toupwisan an;
mwen vle diskite ak Bondye.
4 Men nou [d]sal moun ak manti.
Se yon bann [e]doktè sanzave nou ye.
5 Oswa pito ke ou ta [f]rete an silans nèt;
ke sa ta sèvi kon sajès ou!
6 Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.
7 Èske ou kab [g]pale pou Bondye sa ki pa jis,
e pale sa ki manti pou Li?
8 Èske ou va [h]pran ka pa Li?
Èske ou va diskite pou Bondye?
9 Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen?
Oswa [i]èske ou va twonpe Li
kon yon moun konn twonpe yon moun?
10 Anverite, Li va repwoche ou
si ou apye yon bò ak patripri.
11 Èske [j]majeste Li p ap bay ou lakrent?
Laperèz Li p ap tonbe sou ou?
12 Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann;
defans ou yo se defans ki fèt ak ajil.
13 [k]“Rete an silans devan m pou m kab pale;
epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.
14 Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m
e [l]mete lavi m nan men m?
15 [m]Malgre Li ta touye mwen,
mwen va mete espwa m nan Li.
Malgre, mwen va [n]fè diskou chemen mwen yo devan L.
16 Se sa, anplis, ki va [o]delivrans mwen;
paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.
17 Koute pawòl mwen byen pre e
kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou.
18 Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an;
mwen konnen ke [p]mwen va jistifye.
19 [q]Se kilès ki va diskite kont mwen?
Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.
20 “Se sèl de bagay pou pa fè mwen;
konsa mwen p ap kache devan figi Ou:
21 [r]Retire men Ou sou mwen e
pa kite laperèz Ou fè m sezi.
22 Epi rele e [s]mwen va reponn;
oswa kite m pale epi reponn mwen.
23 [t]Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo
avèk peche m yo?
Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.
24 Poukisa Ou [u]kache figi Ou e
konsidere m kon [v]lènmi Ou?
25 Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble?
Oswa èske Ou va kouri dèyè [w]pay van an seche a.
26 Paske Ou ekri [x]bagay anmè kont mwen
e [y]fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.
27 Ou [z]mete pye m nan chenn e
ou veye tout chemen mwen yo.
Ou limite distans pla pye m kab rive,
28 pandan mwen ap dekonpoze
kon yon [aa]bagay k ap pouri,
kon yon vètman ki manje pa mit.”
- a Job 12:9
- b Job 12:3
- c Job 13:22
- d Sòm 119:69
- e Jr 23:32
- f Job 13:13
- g Job 27:4
- h Lev 19:5
- i Job 12:16
- j Job 31:23
- k Job 13:5
- l Sòm 119:109
- m Job 7:6
- n Job 27:5
- o Job 23:7
- p Job 9:21
- q És 50:8
- r Job 9:34
- s Job 9:16
- t Job 7:21
- u Sòm 13:1
- v Lam 2:5
- w Lev 26:36
- x Job 9:18
- y Sòm 25:7
- z Job 33:11
- aa Job 2:7