1 Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn:
2 “Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons?
Eske yon nonm [a]pale anpil vin akite?
3 Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale?
Lè ou [b]moke, èske nanpwan moun ki pou fè ou wont?
4 Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot,
e [c]mwen inosan nan zye Ou.’
5 Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,
6 pou montre ou sekrè a sajès!
Paske sajès ki bon [d]gen de bò.
Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije
tout sa inikite ou merite.
7 [e]“Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye?
Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?
8 Yo [f]wo tankou syèl la; kisa ou kab fè?
Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen?
9 Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè.
10 Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble,
[g]kilès kap anpeche Li?
11 Paske [h]Li konnen moun ki fò,
e Li wè inikite menm san fè ankèt.
12 Yon moun ensanse va vin entèlijan
lè pòtre a yon [i]bourik mawon fèt kon yon moun.
13 “Si ou ta vle vin bon,
14 Si se inikite ki nan men ou, [l]mete l byen lwen.
Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.
15 Konsa, anverite, ou ta kab [m]leve figi ou wo san tach.
Wi, ou va fidèl nèt e [n]pa oblije gen lakrent.
16 Konsa ou va [o]bliye twoub ou a.
Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase.
Se konsa ou ta kab sonje li.
17 Lavi ou va [p]pi klè ke midi;
malgre gen fènwa a, lap tankou maten.
18 Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa.
Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.
19 Ou va [q]kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou.
Wi, anpil moun va [r] mande favè ou.
20 Men [s]zye a mechan yo va gate,
e [t]p ap gen chape pou yo.