Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Apre bagay sa yo, Jésus [a]t ap mache nan Galilée. Li pa t dakò pou mache nan Judée pwiske Jwif yo [b]t ap chache pou touye L.

2 Koulye a, fèt a Jwif yo, [c]Fèt Tonèl yo, t ap pwoche. 3 [d]Frè Li yo te di L: “Kite isit la epi ale nan Judée pou disip pa W yo osi kapab wè zèv ke Ou ap fè yo. 4 Paske pèsòn pa fè anyen nan sekrè lè li vle rekonèt an piblik. Si Ou fè bagay sa yo, Ou bezwen montre Ou menm a tout monn lan.” 5 Paske menm [e]frè Li yo pa t kwè nan Li.

6 Pou sa, Jésus te di yo: [f]“Lè M poko rive, men lè pa nou toujou bon.

7 [g]“Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke [h]zèv li yo mechan.

8 “Monte nan fèt la nou menm. Mwen pa ale nan fèt sila a, paske [i]lè Mwen poko fin acheve.” 9 Lè L fin di yo bagay sa yo, Li te rete nan Galilée.

10 Men lè [j]frè Li yo te ale nan fèt la, alò, Li menm tou te monte. Pa an piblik, men kòmsi an sekrè.

11 Konsa, Jwif yo [k]t ap chache pou Li nan fèt la e t ap di: “Kote Li ye?”

12 Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. [l]Kèk t ap di: “Li se yon bon moun.” Lòt t ap di: “Non, okontrè l ap egare moun yo.” 13 Malgre sa, pèsòn pa t pale ovètman konsènan Li, paske [m]yo te pè Jwif yo.

14 Men se lè yo te rive nan mitan fèt la ke Jésus te monte nan tanp lan, e te kòmanse [n]ansegne.

15 Pou sa, [o]Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?”

16 Pou sa, Jésus te reponn yo e te di: [p]“Lenstriksyon pa M se pa pa M, men se pou Li menm ki te voye M nan.

17 [q]“Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen. 18 Sila ki pale pou kont li [r]chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.

19 [s]“Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap [t]chache touye M?”

20 Foul la te reponn Li: [u]“Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?”

21 Jésus te reponn yo e te di: “Mwen te fè [v]yon sèl zèv, e nou tout etone.

22 “Sou kont sila a, [w]Moïse te bay nou sikonsizyon (pa paske li te soti nan Moïse, men nan [x]papa zansèt yo), e nan Saba a, nou sikonsize yon moun. 23 [y]Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.

24 “Pa [z]jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”

25 Pou sa, kèk nan pèp Jérusalem la t ap di: “Se pa mesye sila a ke y ap chache touye a? 26 Epi gade, L ap pale devan tout moun, e yo p ap di L anyen. [aa]Otorite yo pa petèt sipoze konnen ke sa se Kris La? 27 Men [bb]nou menm konnen kote mesye sa a sòti. Men nenpòt lè Kris La vini, pèsòn p ap konnen kote Li sòti.”

28 Akoz sa a, Jésus te rele fò nan tanp lan e te enstwi e te di: “Nou non sèlman konnen Mwen e kote Mwen sòti. [cc]Mwen pa t vini pou kont Mwen, men Li menm ki te voye M nan vrè. Li menm ke nou pa konnen an. 29 Mwen konnen Li paske Mwen [dd] sòti nan Li, e [ee] Li te voye M.”

30 E yo [ff]t ap chache pou sezi Li, men pèsòn pa t mete men sou Li, paske lè Li poko te rive.

31 Men [gg]anpil nan foul la te kwè nan Li, e t ap di: “Lè Kris la vini, èske nou sipoze l ap fè plis [hh]sign pase sa mesye sila a gen tan fè yo?”

32 Farizyen yo te tande foul la ki t ap repete bagay sa yo konsènan Li. Epi chèf prèt yo avèk Farizyen yo te voye [ii]ofisye yo pou sezi Li.

33 Pou sa, Jésus te di: [jj]“Pou yon ti tan anplis, Mwen avèk nou. Apre, M ap prale a Li menm ki te voye M nan. 34 [kk]Nou va chache M, e nou p ap twouve M. E kote Mwen ye, nou p ap kab vini.”

35 Pou sa Jwif yo te di youn ak lòt: “Kote mesye sa a prale pou nou p ap kab twouve L? Ou pa sipoze ke L ap prale [ll]nan dyaspora pami Grèk yo, pou l enstwi Grèk yo? 36 Kisa li t ap di la a: [mm]‘Nou va chache M, e nou p ap twouve M; epi Kote Mwen ye, nou p ap kab vini’?”

37 Nan [nn]dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè! 38 Sila ki kwè nan Mwen, [oo]tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’ ” 39 Men sa, Li te pale [pp]konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.

40 Kèk nan moun yo, lè yo te tande pawòl sa yo, t ap di: “Vrèman, sa se [qq]pwofèt la.”

41 Lòt t ap di: “Sa se Kris la”. Men toujou lòt t ap di: [rr]“Asireman nou pa ta kwè Kris la ta pral sòti nan Galilée! 42 Èske Ekriti Sen an pa konn di ke Kris la va sòti [ss]nan ras David, epi nan Bethléem, vil kote David te ye a?”

43 Konsa, te gen yon [tt]divizyon nan foul la akoz Li. 44 [uu]Kèk te vle sezi Li, men pèsòn pa t mete men l sou Li.

45 Konsa, [vv]ofisye yo te vin kote chèf prèt ak Farizyen yo e te di yo: “Poukisa nou pa t mennen Li?”

46 Ofisye yo te reponn: [ww]“Janmen yon moun pa pale tankou moun sa a pale.”

47 Pou sa, Farizyen yo te reponn yo: [xx]“Èske Li gen tan egare nou menm tou? 48 Èske gen pami [yy]gwo chèf Farizyen yo ki kwè nan Li? 49 Men foul sa a ki pa konnen Lalwa, gen madichon.”

50 [zz]Nicodème (ki te vin kote Li avan an, epi te youn nan yo) te di yo: 51 []“Lalwa pa nou pa jije yon moun avan ke premyèman li tande li epi konnen ki sa li fè. Èske sa konn fèt?”

52 Yo te reponn li e te di: []“Èske ou menm sòti nan Galilée tou? Egzaminen Lekriti yo epi ou va wè ke nanpwen pwofèt ki sòti nan Galilée.” 53 E tout moun ale lakay yo.

<- Jean 6Jean 8 ->