Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Apre bagay sa yo, te gen [a]yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem.

2 La nan Jérusalem toupre [b] pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri. 3 Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a. 4 Paske yon zanj Senyè a te konn vini nan sèten sezon, epi antre nan basen an, epi vire dlo a. Konsa, sila ki te antre nan dlo a an premye lè dlo a vire te vin geri de nenpòt maladi ke li te genyen.

5 Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.

6 Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?”

7 Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m [c]nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.”

8 Jésus te di l [d]“Leve, pran kabann ou, epi mache!”

9 Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. [e]Jou sa a se te jou Saba.

10 Pou sa Jwif yo t ap di Li “Se jou Saba a. [f]Li pa pèmi pou ou pote kabann ou konsa.”

11 Men li te reponn yo: “Li menm ki te geri m nan, se Li menm ki di m ‘Pran kabann ou mache.’ ”

12 Yo te mande li: “Ki moun sa ki te di ou ‘Pran kabann ou mache a?’

13 Men li menm ki te geri pa t konnen ki moun Li te ye, paske Jésus te chape ale pandan yo te gen yon foul sou plas.

14 Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. [g]Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”

15 Nonm nan te ale e te di [h]Jwif yo ke se te Jésus ki te geri li.

16 Alò pou rezon sa a, [i]Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.

17 Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”

18 Men pou rezon sa, Jwif yo t ap chache plis pou yo ta kab touye L, paske non sèlman Li t ap vyole Saba a, men osi Li t ap rele Bondye Papa Li, [j]ki te fè Li vin egal avèk Bondye.

19 Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, [k]Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an. 20 [l]Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi [m]pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone. 21 Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou [n]bay yo lavi, menm jan an [o]Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.

22 “Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men [p]Li te bay tout jijman a Fis la, 23 Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. [q]Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.

24 “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi [r]kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi [s]pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.

25 “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè [t]mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi [u]sa yo ki tande ap viv.

26 “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an [v]Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm. 27 Li te bay Li otorite pou [w]egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.

28 “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè [x]tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li, 29 epi ap vin parèt. [y]Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.

30 “Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi [z]jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men [aa]volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.

31 [bb]“Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè. 32 Gen [cc]yon lòt moun ki pote temwayaj Mwen, epi M konnen ke temwayaj ke Li pote sou Mwen menm nan vrè.

33 “Ou te voye kote Jean, epi Li [dd] te bay temwayaj a verite a. 34 Men [ee] temwayaj ke Mwen resevwa a pa sòti nan lòm, men Mwen di nou bagay sa yo pou nou kapab sove.

35 “Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te [ff]rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.

36 “Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske [gg]zèv ke Papa a te ban M pou [hh]acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M. 37 E Papa a ki te voye M nan, [ii]Li pote temwayaj de Mwen. Nou menm pa janm tande vwa Li nan okenn tan, ni nou pa janm wè fòm Li.

38 “E nou pa gen [jj]pawòl Li nan nou, pwiske nou pa kwè Sila ke Li te voye a. 39 [kk]Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.

40 “Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.

41 [ll]“Mwen pa resevwa glwa ki sòti nan lòm. 42 Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lamou Bondye nan nou menm.

43 “Mwen te vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M.

“Men [mm]si yon lòt vini nan pwòp non pa l, li menm nou va resevwa l. 44 Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache [nn]glwa a ki sòti sèlman nan [oo]sèl Bondye ki genyen an.

45 “Pa panse ke Mwen va akize nou devan Papa a. Sila a k ap akize nou an se [pp]Moïse, nan kilès nou gen tan mete espwa nou.

46 “Paske si nou te kwè Moïse, nou t ap kwè Mwen, paske [qq]li te ekri selon Mwen menm. 47 Men [rr]si nou pa kwè sa ke li te ekri, kijan nou va kwè pawòl pa Mwen yo.”

<- Jean 4Jean 6 ->