1 Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote [a]Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.
2 Yo te ansanm. Simon Pierre, Thomas, ke yo rele Didyme, e Nathanaël de Cana nan Galilée, e [b]fis a Zébédée yo e de lòt nan disip Li yo.
3 Simon Pierre te di yo: “M ap prale fè lapèch.”
4 Men lè bajou te kase, Jésus te kanpe arebò lanmè a, men disip yo [d]pa t konnen ke se te Jésus.
5 Konsa, Jésus te di yo: “Pitit yo, [e]èske nou pa gen kèk grenn pwason?”
6 E Li te di yo [f]“Voye filè a sou men dwat kannòt la, e nou va kenbe kèk.”
7 [g]Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.”
8 Men lòt disip yo te vini nan ti kannòt la, paske yo pa t lwen tè a, men sèlman anviwon san mèt, pou rale filè plen pwason an. 9 E lè yo te desann atè, yo te wè yon [h]dife chabon deja prepare, avèk pwason sou li, ak pen.
10 Jésus te di yo: “Pote kèk nan [i]pwason ke nou fenk kenbe yo.”
11 Simon Pierre te monte e te rale filè a atè a, byen plen gwo pwason, san-senkant-twa, e malgre ke te gen gran kantite sa a, filè a pa t chire.
12 Jésus te di yo: “Vin pran [j]ti dejene.”
13 Jésus te vini. Li te pran [k]pen an, epi te bay yo, ansanm ak pwason an.
14 Sa koulye a se [l]twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.
15 Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, [m]èske ou renmen M plis ke sa yo?”
16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”
17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”
19 Sila Li te di pou montre pa [p]ki kalite mò li ta bay glwa a Bondye a. E lè Li te pale sa, Li te di L: “Swiv Mwen!”
20 Pierre te vire gade pa dèyè e te wè [q]disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te [r]apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”
21 Epi Pierre, lè l te wè li, te di a Jésus: “Senyè, e pou nonm sila a?”
22 Jésus te di li: “E si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ap ye pou ou? Ou menm, [s]swiv Mwen!”
23 Konsa, pawòl sa te kouri pami tout frè yo ke disip sila a pa t ap mouri. Men Jésus pa t di li ke li pa t ap mouri, men sèlman “Si Mwen vle li rete [t]jis lè Mwen vini, kisa sa ye pou ou?”
24 Sa se disip ki [u]fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.
25 Epi genyen osi [v]anpil lòt bagay ke Jésus te fè, ke si yo te ekri an detay, mwen pa sipoze ke tou lemonn ta kapab kenbe liv ki t ap ekri yo.
<- Jean 20