1 Lè Jésus te pale pawòl sa yo, Li te pase avèk disip Li yo lòtbò ravin Cédron an, kote te gen yon [a]jaden. Li menm te antre la avèk disip Li yo.
2 Anplis, Judas osi, ki t ap trayi Li a te konnen plas la, pwiske Jésus te konn [b]reyini la souvan ak disip Li yo. 3 Konsa, [c]Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam.
4 Jésus, [d]byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”
5 Yo te reponn Li: “Jésus, Nazareyen an.”
7 Ankò konsa, Li te mande yo: [e]“Kilès n ap chache?”
8 Jésus te reponn: “Mwen te di nou ke Mwen menm se Li. Si se pou sa, se Mwen nou ap chache, lese lòt yo fè wout yo.”
9 Pou pawòl ke Li te pale a ta kapab [f]akonpli: “Nan sa ke Ou te ban Mwen yo, Mwen pa t pèdi youn.”
10 Konsa, Simon Pierre [g]ki te gen yon nepe, te rale li e te frape esklav wo prèt la, epi te koupe zòrèy dwat la. Esklav la te rele Malchus.
11 Konsa, Jésus te di Pierre: “Mete nepe a nan fouwo a. [h]Tas ke Papa a ban Mwen an, èske M pa pou bwè l?”
12 [i]Konsa, kòwòt women an, avèk kòmandan, avèk ofisye Jwif yo te arete Jésus, e te mare Li. 13 Yo te mennen Li premyèman bò kote Anne. Paske Li menm te bòpè a [j]Caïphe, ki te wo prèt nan lane sa a. 14 Epi se te Caïphe ki te bay konsèy a Jwif yo ke li [k]ta meyè pou yon moun mouri pou benefis a tout pèp la.
15 [l]Simon Pierre t ap swiv Jésus ansanm ak yon lòt disip.
17 Fi domestik ki te okipe de pòt la te di Pierre: [n]“Èske Ou pa osi youn nan disip a mesye sila a?”
18 Epi lòt esklav yo ak ofisye ki te la yo, te fè yon dife avèk chabon, pwiske li te fè frèt e yo t ap [o]chofe kò yo. Pierre te la avèk yo tou, e te kanpe la pou chofe kò li.
19 Konsa, [p]wo prèt la t ap kesyone Jésus konsènan disip Li yo, e sou sa Li te enstwi yo.
20 Jésus te reponn Li: “Mwen [q]pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè. 21 Poukisa nou ap kesyone M? Mande sa yo ki tande sa ke M te pale yo. Yo konnen sa ke M te di yo.”
22 Lè Li te di sa, youn nan [r]ofisye yo te [s]frape Jésus, e te di: “Èske se konsa Ou reponn wo prèt la?”
23 [t]Jésus te reponn li: “Si Mwen pale mal, fè temwayaj a mal la, men si Mwen pale byen, poukisa Ou frape M?”
24 [u]Akoz sa a, Anne te voye Li tou mare bay Caïphe, wo prèt la.
25 [v]Alò, Simon Pierre te kanpe ap chofe kò li. Yo te di l konsa: “Se pa ou menm tou ki youn nan disip Li yo?” Li te demanti sa e te di: “Non, se pa Mwen.”
26 Youn nan esklav wo prèt la, konsi, yon manm fanmi a [w]sila a ki te gen zòrèy koupe pa Pierre a te di: “Èske M pa t wè ou [x]nan jaden an avèk Li?”
27 Konsa, Pierre te demanti sa ankò, epi lapoula, [y]kòk la te chante.
28 [z]Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la.
29 [aa]Pou sa, Pilate te soti deyò pou pale avèk yo e te di: “Ki akizasyon nou pote kont nonm sila a?”
30 Yo te reponn e te di li: “Si nonm sila pa te yon malfektè, nou pa t ap livre li bay ou.”
31 Epi Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi jije Li selon lalwa pa nou.” Jwif yo te di li: “Li pa pèmi pou nou mete yon moun a lanmò.”
32 Pou [bb]pawòl ke Jésus te pale a ta kapab akonpli, ki te montre ki kalite mò Li t ap mouri.
33 Konsa, Pilate te antre ankò nan Tribinal la, e te rele Jésus, e te di Li: [cc]“Èske Ou se Wa a Jwif yo.”
34 Jésus te reponn li: “Èske ou mande sa pou kont ou, oubyen èske gen lòt moun ki pale ou de Mwen?”
35 Pilate te reponn: “Èske mwen menm se yon Jwif? Pwòp nasyon pa W te livre Ou ban mwen. Kisa Ou fè?”
36 Jésus te reponn: [dd]“Wayòm Mwen pa de mond sila a. Si wayòm Mwen te de mond sila a, sèvitè Mwen yo ta goumen pou Mwen pa ta livre a Jwif yo, men koulye a, wayòm Mwen pa de isit.”
37 Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?”
38 Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: [ff]“Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a. 39 [gg]Men nou gen yon koutim, ke Mwen gen pou lage pou nou yon moun nan lè Pak Jwif la. Èske konsa, nou ta renmen m lage pou nou Wa a Jwif Yo?”
40 Pou sa yo te kriye ankò e te di: [hh]“Pa mesye sila a, men lage Barabbas”. Alò, Barabbas te yon vòlè.
<- Jean 17Jean 19 ->- a Mat 26:36
- b Luc 21:37
- c Mat 26:47-56
- d Jn 6:64
- e Jn 18:4
- f Jn 17:12
- g Mat 26:51
- h Mat 20:22
- i Mat 26:57
- j Mat 26:3
- k Jn 11:50
- l Mat 26:58
- m Mat 26:69
- n Jn 18:25
- o Mc 14:54-67
- p Mat 26:59-68
- q Jn 7:26
- r Jn 18:3
- s Jn 19:3
- t Mat 5:39
- u Jn 18:3
- v Mat 26:71-75
- w Jn 18:10
- x Jn 18:1
- y Jn 13:38
- z Mat 27:2
- aa Mat 27:11-14
- bb Mat 20:19
- cc Luc 23:3
- dd Mat 26:53
- ee Mat 27:11
- ff Luc 23:4
- gg Mat 27:15-26
- hh Trav 3:14