1 “Mwen pale nou [a]bagay sa yo pou nou kapab evite chite.
2 “Yo va [b]mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou. 3 Bagay sa yo, yo va fè [c]paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen. 4 Men bagay sa yo Mwen te pale nou an [d]pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.
5 “Men koulye a, [e]M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’? 6 Men akoz ke M te di nou bagay sa yo, [f]gwo doulè antre nan kè nou.
7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, [g]Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, [h]M ap voye Li bay nou. 8 E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. 9 Konsènan peche, [i]paske yo pa kwè nan Mwen, 10 Selon [j]ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11 [k]Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.
12 “Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a. 13 Men lè Li, [l]Lespri verite a vini, Li va [m]dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini. 14 Li va [n]fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.
15 [o]“Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.
16 “Yon ti tan, e [p]nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”
17 Kèk nan disip Li yo te di youn a lòt: “Kisa L ap di nou la a? ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis e nou va wè M’ epi: ‘akoz ke [q]M ap prale nan Papa a’?” 18 Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.”
19 [r]Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’
20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke [s]nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men [t]tristès la va vin chanje an jwa. 21 [u]Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
22 “Konsa, [v]nou menm tou gen tristès koulye a. Men [w]Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
23 “E nan jou sa a [x]nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, [y]si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.
24 [z]“Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
25 “Bagay sa yo Mwen pale nou an [aa]parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.
26 “Nan jou sa a [bb]nou va mande nan non Mwen, e Mwen p ap di nou ke M ap mande Papa a anfavè nou. 27 Paske [cc]Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen [dd]te sòti nan Papa a. 28 Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap [ee]prale kote Papa a.”
29 Disip Li yo te di: “Alò koulye a W ap pale klè. Ou p ap [ff]sèvi ak parabòl. 30 Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou [gg]kwè ke Ou soti nan Bondye.”
31 Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a? 32 Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, [hh]pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. [ii]Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou [jj]nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. [kk]Mwen venk lemonn.”
<- Jean 15Jean 17 ->