12 Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? [j]Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?
13 SENYÈ a di: “Akoz yo te [k]abandone Lalwa ke Mwen te mete devan yo a e yo pa t obeyi vwa Mwen, ni mache selon li, 14 men te [l]mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a.” 15 Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va [m]fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè. 16 Mwen va [n]gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”
17 Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Konsidere e rele [o]fanm pou fè dèy, pou yo ka vini.
24 Men kite sila ki [v]vin ògeye a, vin ògeye nan sa;
ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,
ke Mwen se SENYÈ a,
ki aji nan lanmou dous, jistis,
ak ladwati sou latè a;
paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
25 Gade byen, gen jou k ap vini, “deklare SENYÈ a, ke Mwen va pini tout sila ki te sikonsi, men vrèman yo [w]pa sikonsi— 26 Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se [x]ensikonsi nan kè.”