Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 “Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “yo va [a]mennen fè vin parèt zo a wa a Juda yo, ak zo a prens pa yo, zo a prèt yo ak zo a pwofèt yo, e zo a pèp Jérusalem yo soti nan tonm pa yo. 2 Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout [b]lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè. 3 Epi pami retay sila ki rete nan fanmi mechan sila yo, se [c]lanmò ke y ap chwazi pito ke lavi, retay ki rete nan tout plas ke M te konn bourade yo rive yo,” deklare SENYÈ dèzame yo. 4 “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a,

“ ‘Èske moun konn [d]tonbe pou l pa leve ankò?
Èske moun konn vire kite pou l pa retounen
5 Poukisa pèp sa a, Jérusalem, te [e]vire akote nan enfidelite san rete a?
Yo kenbe rèd a desepsyon.
Yo refize retounen.
6 Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat;
[f]okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di:
‘Kisa mwen te fè la a?’
Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo,
tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay.
7 Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li.
Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo;
men [g]pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.
 
8 [h]“ ‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’,
epi lalwa SENYÈ a avèk nou?”
Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti.
9 Mesye saj yo [i]vin wont, yo vin deranje e sezi.
Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ la.
Ki kalite sajès ka rete nan yo?
10 Akoz sa, Mwen va bay madanm pa yo a lòt moun,
ak chan pa yo a lòt moun k ap okipe yo.
Paske soti nan pi piti a jis rive nan pi gran an,
yo tout [j]lanvi gen sa ki pou lòt.
Soti nan pwofèt la jis rive nan prèt la, tout aji ak desepsyon.
11 Yo [k]fè gerizon pèp Mwen an ak pansma lejè.
Y ap di: “Lapè, lapè,” men nanpwen lapè.
12 Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo?
Anverite, yo pa t wont.
Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont.
Akoz sa, yo va [l]tonbe pami sila k ap tonbe yo.
Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.
 
13 [m]“ ‘Anverite, Mwen va detwi yo nèt, “deklare SENYÈ a.
P ap gen rezen sou chan rezen an,
ni fig sou pye figye etranje a.
Fèy yo va fennen,
epi sa ke M te bay yo va disparèt.’ ”
 
14 “Poukisa nou chita an plas?
Rasanble nou!
Annou antre nan vil fòtifye yo,
epi la, annou rete an silans;
paske SENYÈ a, Bondye nou an,
te fè nou tonbe an silans.
Li te bannou [n]dlo anpwazone pou nou bwè,
paske nou te peche kont SENYÈ a.
15 Nou [o]te tann lapè, men anyen bon pa t vini;
yon tan gerizon, men gade byen, gwo laperèz.
16 Soti nan Dan te tande gwo souf cheval.
Ak son ranni a etalon li yo, tout tè a souke;
paske yo te vini [p]devore peyi a ak tout ki sa ki ladann,
vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann.
17 “Paske gade byen, Mwen ap [q]voye sèpan yo kont nou,
vipè yo ki p ap ka chame;
e yo va mòde nou,” deklare SENYÈ a.
18 Tristès Mwen depase gerizon;
[r]kè M fennen anndan m!
19 Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an
soti nan yon peyi byen lwen:
“Èske SENYÈ a pa nan Sion?
Èske wa li a pa nan li?”
 
“Poukisa yo pwovoke fachez Mwen ak imaj taye yo;
ak [s]zidòl etranje yo?”
 
20 “Rekòlt la fin pase.
Gran sezon an fini,
e nou poko sove.”
 
21 Akoz fi a pèp mwen an brize,
mwen menm brize tou;
mwen fè dèy konsi pou yon mò.
Mwen kraze ba nèt.
22 Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad?
Èske nanpwen doktè la?
Alò [t]poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?

<- Jérémie 7Jérémie 9 ->