1 “Pran flit pou sove, O fis a [a]Benjamin yo! Sòti nan mitan Jérusalem! Soufle yon twonpèt Tekoa e leve sinyal la sou Beth-Hakkérem, paske malè ap veye nou soti nan nò, yon gwo destriksyon. 2 Sila ki bèl e delika a, [b]fi a Sion an, Mwen va koupe retire l nèt. 3 [c]Bèje yo ak bann mouton pa yo va vin kote li. Yo va monte tant yo antoure li, e yo chak va fè pak bèt yo nan plas yo.
4 [d]“Prepare lagè kont li! Leve! Annou atake a midi. Malè a nou menm, paske joune a ap vin bese, paske lonbraj lannwit yo ap vin pi long! 5 Leve e annou atake pandan nwit lan pou [e]detwi palè li yo!” 6 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo; “Koupe pyebwa li yo, e fè monte yon [f]ran syèj kont Jérusalem. Se vil ki dwe pini an, vil ki plen opresyon an. 7 Kon yon pwi kenbe dlo li fre, se konsa li rafrechi mechanste li. [g]Vyolans ak destriksyon vin tande nan li. Maladi ak blesi devan M tout tan. 8 Se pou ou vin avèti, O Jérusalem, [h]pou M pa vin about ak ou, pou vin fè ou dezole, yon peyi ki san moun.”
9 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Yo va [i]fè yon rekòlt nèt, tankou chan rezen retay Israël la. Repase men ou ankò sou branch yo konsi se dènye ranmase rezen yo.”
10 Se a kilès pou m ta pale e bay avètisman pou yo ka tande? Gade byen, zòrèy yo bouche e yo p ap ka koute. Gade byen, [j]pawòl SENYÈ a vin sèvi kon repwòch pou yo. Yo pa twouve okenn plezi ladann. 11 Men mwen [k]plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan.
16 Konsa pale SENYÈ a: “Kanpe akote chemen yo e gade. Mande pou ansyen wout yo, ‘Kote bon chemen an ye?’ Mache ladann l. Konsa, [p]nou va jwenn repo pou nanm nou.” Men yo te di: ‘Nou p ap mache ladann’. 17 Mwen te mete [q]gadyen yo sou nou. Mwen te di: ‘Koute son a twonpèt la!’ Men yo te di: ‘Nou p ap koute.’ 18 Pou sa, tande, O nasyon yo e konnen, O asanble a, sa ki pami yo. 19 Koute, O latè! Gade byen, Mwen ap mennen gwo dega sou pèp sa a; menm [r]fwi a panse pa yo, akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo, e selon lalwa Mwen an, yo te rejte li. 20 Paske kisa sa sèvi, [s]lansan an ki rive kote Mwen sòti Séba, ak kann dous soti nan yon peyi lwen? Ofrann brile nou yo pa fè M plezi.”
21 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, [t]Mwen ap poze blòk k ap fè pèp sa a bite. Yo va bite kont yo. Papa yo ak fis yo va bite ansanm. Vwazen ak zanmi li va peri.” 22 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, [u]yon pèp ap sòti nan peyi nò, yon gwo nasyon va leve soti nan ekstremite latè byen lwen. 23 Yo kenbe rèd ak [v]banza ak lans. Yo mechan anpil e yo pa gen mizerikòd menm. Vwa pa yo fè raj tankou lanmè, e yo monte sou cheval yo, byen alinyen kon yon sèl moun pou batay kont ou, O fi Sion nan!”
24 Nou konn tande rapò sa a. Men nou yo vin lage nèt. Gwo [w]doulè fin sezi nou tankou doulè a yon fanm k ap akouche. 25 Pa antre nan chan an, ni pa mache sou wout la, paske nepe lènmi a ak [x]gwo laperèz sou tout kote. 26 O fi a pèp mwen an, mete twal sak! Woule nan sann! [y]Kriye fò konsi se pou sèl fis ke ou te fè a! Fè yon lamantasyon ki anmè pase tout lòt yo. Paske sibitman destriktè a va parèt sou nou.
27 “Mwen te [z]fè ou eseyis la pou sonde metal pami pèp Mwen an, pou ou ka sonde e konnen chemen yo. 28 Yo tout fè rebèl ak tèt di. Y ap mache toupotou bay move rapò a lòt. Se [aa]bwonz ak fè yo ye; yo tout konwonpi. 29 Ponp fòj la soufle fò. Plon an manje nèt nan dife a. Anven, yo rafine toujou, men [bb]mechan yo pa janm vin separe. 30 Moun va rele yo ajan rejte, akoz [cc]SENYÈ a te rejte yo.”
<- Jérémie 5Jérémie 7 ->- a Jos 18:28
- b És 1:8
- c Jr 12:10
- d Jr 6:23
- e És 32:14
- f Jr 32:24
- g Jr 20:8
- h Éz 23:18
- i Jr 16:16
- j Jr 20:8
- k Job 32:18-19
- l Det 28:30
- m És 56:11
- n Jr 8:11
- o Jr 3:3
- p Mat 11:29
- q És 21:11
- r Pwov 1:31
- s Egz 30:23
- t És 8:14
- u Jr 1:15
- v És 13:18
- w És 21:3
- x Jr 20:10
- y Am 8:10
- z Jr 1:18
- aa Éz 22:18
- bb Jr 15:9
- cc Jr 7:29