1 Alò, lè Jérusalem te vin kaptire [a]nan nevyèm ane pouvwa Sédécias la, wa Juda a, nan dizyèm mwa, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li te rive kote Jérusalem pou te fè syèj sou li. 2 Nan onzyèm ane pouvwa Sédécias la, nan katriyèm mwa a, nan nevyèm jou nan mwa a, yon [b]brèch te fèt nan miray vil la. 3 Epi tout [c]ofisye a wa Babylone yo te antre ladann. Yo te chita bò kote Pòtay Mitan a; Nergal-Scharetser, Samgar-Nebu, Sarsekim, chèf a enik yo, Nergal-Sar-Ezer, chèf a majisyen yo, ak tout rès chèf a wa Babylon yo. 4 Lè Sédécias, wa Juda a, ak tout mesye lagè yo te wè yo, yo te sove ale e te ale deyò lavil la nan nwit lan pa chemen jaden a wa a, atravè [d]pòtay antre de miray yo. Konsa li te sove ale vè dezè a.
5 Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè yo e te kaptire Sédécias nan plèn Jéricho. Yo te sezi li e te mennen li monte kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan [e]Ribla, nan peyi a Hamath la. Epi li te pwononse jijman sou li. 6 Epi wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo, devan zye l nan Ribla. Anplis, wa Babylone nan te touye tout mesye enpòtan Juda yo. 7 Epi li te [f]avegle zye Sédécias, e te mare li ak braslè an bwonz pou mennen l Babylone.
8 Anplis, Kaldeyen yo te [g]brile palè wa a ak dife avèk kay a pèp la, e yo te kraze miray Jérusalem yo. 9 Tout rès pèp la ki te rete lavil la, ak [h]sila ki te abandone vil la, ki te janbe kote li, e retay ki te rete nan vil la, Nebuzaradan, chèf gad yo, te pote yo an egzil Babylone. 10 Men kèk nan sila ki te [i]malere nèt yo, ki pa t gen anyen yo, Nebuzaradan, chèf gad yo, te kite yo dèyè nan peyi Juda, e te bay yo chan rezen ak chan pou yo kiltive nan menm lè sa a.
11 Alò, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pase lòd de [j]Jérémie pa Nebuzaradan, chèf gad la. Li te di: 12 “Pran l e okipe l, [k]pa fè l anyen ki mal, men pito aji avèk li jan li mande ou a.”
13 Konsa Nebuzaradan, chèf gad yo, te voye pawòl pa Nebuschazban, chèf a enik yo, Nergal-Scharetser, chèf a majisyen yo, ak tout chèf a wa Babylone yo, 14 te voye [l]retire Jérémie sòti nan lakou kay gad la e te fè Guedalia, fis Achikam, fis a Schaphan nan, responsab pou mennen li lakay li. Konsa, li te rete pami pèp li a.
15 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie pandan li te [m]anprizone nan lakou kay gad la. Li te di: 16 “Ale pale ak Ébed-Mélec, Etyopyen an pou di l: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen pawòl Mwen yo sou vil sa a pou dezas e pa pou pwosperite. Konsa [n]yo va fèt devan ou nan jou sa a. 17 Men mwen va [o]delivre ou nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Ou p ap livre nan men a moun sa yo ke ou pè yo. 18 Paske anverite, Mwen va sove ou e ou p ap tonbe anba nepe, men ou va gen lavi ou kon benefis, akoz ou te [p]mete konfyans nan Mwen,” deklare SENYÈ a.’ ”
<- Jérémie 38Jérémie 40 ->