Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Nan [a]katriyèm ane Jojakim, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di: 2 “Pran yon woulo e ekri sou li tout pawòl ke M te pale ou konsènan [b]Israël, konsènan Juda, e konsènan tout nasyon yo, depi nan jou ke M te premyèman pale ak ou a, depi nan jou a Josias yo, jis pou rive nan jou sa a. 3 Petèt, lakay Juda va tande afè tout malè ke M gen lentansyon fè rive yo, jiskaske tout moun va detounen kite chemen mechan pa yo; epi konsa, Mwen kapab [c]padone inikite ak peche yo.”

4 Konsa, Jérémie te rele Baruc, fis a Nérija a, e Baruc te ekri sou yon [d]woulo, selon dikte Jérémie, tout pawòl ke SENYÈ a te pale a li yo. 5 Jérémie te kòmande Baruc. Li te di: “Mwen [e]limite. Mwen p ap ka antre lakay SENYÈ a. 6 Akoz sa, ou va ale li depi nan woulo ke ou te ekri selon dikte mwen an, pawòl a SENYÈ a. Li l a pèp lakay SENYÈ a nan yon [f]jou jèn. Epi anplis, ou va li yo a tout pèp Juda a lè yo antre sòti nan vil yo. 7 [g]Petèt siplikasyon yo va vini devan SENYÈ a, e tout moun va detounen kite chemen mechan yo. Paske kòlè ak gwo mekontantman SENYÈ a pwononse kont pèp sa a, byen gran.”

8 Baruc, fis a Nérija a, te fè selon tout sa ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande li yo. Li te [h]li nan woulo pawòl a SENYÈ a, lakay SENYÈ a. 9 Alò, nan senkyèm ane Jojakim lan, fis a Josias, wa a Juda a, nan nevyèm mwa a, tout pèp Jérusalem nan ak tout moun ki te antre soti nan vil Jérusalem yo, te pwoklame yon [i]jèn devan SENYÈ a. 10 Epi Baruc te li nan woulo pawòl a Jérémie yo lakay SENYÈ a nan [j]chanm a Guemaria, fis Schaphan an, grefye nan tribinal anwo a, nan antre Pòtay Nèf la lakay SENYÈ a, devan tout pèp la.

11 Alò, lè [k]Michée, fis a Guemaria, fis a Schaphan an, te tande tout pawòl a SENYÈ a soti nan liv la, 12 Li te desann lakay wa a, nan chanm grefye a. Epi gade byen, tout ofisye yo te chita la—-[l]Élischama, grefye a, Delaja, fis a Schemaeja a, Elnathan, fis a Acbor a, Guemaria, fis a Schaphan an e Sédécias, fis a Hanania a, ak tout lòt chèf yo. 13 Michée te [m]deklare a yo menm tout pawòl ke li te tande lè Baruc te li soti nan liv a pèp la. 14 Epi tout ofisye yo te voye Jehudi, fis a Nethania, fis a Schélémia, fis a Cuschi a, kote Baruc e te di: “Pran nan men ou woulo ke ou te li a pèp la e vini.”

Konsa Baruc, fis a Nethania, [n]te pran woulo a nan men l e te ale kote yo. 15 Yo te di li: “Chita la, souple e li li bannou.”
Konsa, Baruc te [o]li li bay yo.

16 Lè yo te tande tout pawòl yo; ak gwo perèz, yo [p]te vire youn vè lòt e yo te di a Baruc: “Anverite, nou va bay rapò tout pawòl sa yo bay wa a.” 17 Epi yo te mande Baruc e te di: “Di nou, souple, [q]kijan ou te ekri tout pawòl sa yo? Èske se te selon dikte pa li?”

18 Epi Baruc te di yo: “Li te [r]dikte tout pawòl sa yo e mwen te ekri yo ak lank nan liv la.” 19 Alò, ofisye yo te di a Baruc: “Ale, [s]kache tèt ou, ou menm ak Jérémie e pa kite pèsòn konnen kote nou ye.”

20 Pou sa, yo te ale kote [t]wa a nan lakou a, men yo te depoze woulo a nan chanm Élischama, grefye a, e yo te fè rapò tout pawòl sa yo a wa a. 21 Epi wa a te voye Jehudi chache woulo a, e li te retire li nan chanm Élischama, grefye a. Epi Jehudi [u]te li li bay wa a ansanm ak tout ofisye ki te kanpe akote wa a. 22 Alò, wa a te chita nan [v]kay sezon livè a, nan nevyèm mwa a, ak dife ki t ap brile nan recho la devan l. 23 Lè Jehudi te fin li twa oswa kat pòsyon, wa a te koupe li ak yon kouto e te [w]jete li nan dife ki te nan recho a, jiskaske woulo a te fin manje nèt nan dife ki te nan recho a. 24 Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo [x]pa t pè, ni yo pa t chire rad yo. 25 Menmsi Elnathan, Delaja ak Guemaria te [y]sipliye wa a pou l pa brile woulo a, li te refize koute yo. 26 Epi wa a te kòmande Jerachmeel, fis a wa a, Seraja, fis Azriel e Schélémia, fis a Abdeel, pou [z]sezi Baruc, grefye a ak Jérémie, pwofèt la, men SENYÈ a te kache yo.

27 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè wa a te fin [aa]brile woulo pawòl ke Baruc te ekri selon dikte Jérémie a e te di: 28 [bb]“Pran ankò yon lòt woulo e ekri sou li tout menm pawòl ki te ekri sou premye woulo ke Jojakim, wa Juda a, te brile a. 29 Epi konsènan Jojakim, wa Juda a, ou va di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Ou te brile woulo sa a e ou te di: [cc] ‘Poukisa ou te ekri sou li ke wa Babylone nan va, anverite, vin detwi peyi sa a e va fè ni lòm ni bèt vin disparèt ladann?’ ” ’ 30 ‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li [dd]p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit. 31 Anplis, Mwen va [ee]pini li ak desandan li yo ak sèvitè pou inikite yo, e Mwen va mennen sou yo ak sila k ap viv Jérusalem yo, ak mesye Juda yo, tout malè ke M te deklare a yo menm yo—men yo pa t koute.” ’ ”

32 Epi Jérémie te pran yon lòt woulo. Li te bay li a Baruc, fis a Nérija a, grefye a, epi li te [ff]ekri sou li selon dikte a Jérémie, tout pawòl a liv ke Jojakim, wa Juda a te brile nan dife a; epi anpil pawòl parèy a yo te ajoute nan yo.

<- Jérémie 35Jérémie 37 ->