10 Konsa pale SENYÈ a: “Yon fwa ankò yo va tande nan plas sa a, sou sa ou w ap di a: ‘Sa se yon [j]dezè, san moun e san bèt, sa vle di nan vil a Juda yo ak ri Jérusalem yo, ki dezole, san moun e san pèsòn ni bèt pou rete ladann,’ 11 vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.
12 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Va ankò gen nan plas sa a ki dezè, ki [k]san moun, ni bèt e nan tout vil li yo, yon kote pou bèje k ap okipe bann mouton yo rete. 13 Nan vil a peyi kolin yo, nan vil a ba plèn yo, nan vil a dezè yo, nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo e nan vil a Juda yo, bann mouton yo va ankò [l]pase anba men a sila k ap konte yo a,” pale SENYÈ a.
14 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va [m]akonpli bon pawòl la Mwen te pale konsènan lakay Israël la ak lakay Juda a.
17 “Paske, se konsa SENYÈ a pale: ‘David [q]p ap janm manke yon nonm pou chita sou twòn lakay Israël la. 18 Konsa, [r]prèt Levit yo p ap janm manke yon nonm devan Mwen, pou ofri ofrann brile, pou brile ofrann sereyal e pou prepare sakrifis yo tout tan san rete.’ ”
19 Pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie e te di: 20 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si ou ka [s]kraze akò Mwen an pou jounen an, e akò Mwen an pou nwit lan, pou jou sa a ak nwit sa a pa rive nan lè deziye yo, 21 alò, konsa sèlman,[t]akò Mwen an kab kraze avèk David, Sèvitè Mwen an, pou li pa gen yon fis pou renye sou twòn li an e avèk prèt Levit yo, pou ministè pa m yo. 22 Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’ ”
23 Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di: 24 “Pa okipe bagay pèp sa a te pale, lè yo di: [u] ‘De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo’? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo. 25 Konsa pale SENYÈ a: ‘Si [v] akò Mwen an pou lajounen ak lannwit pa kanpe, epi aranjman ki òdone nan syèl yo pa t fèt pa Mwen menm, 26 alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo [w]chèf sou desandan a Abraham, Issac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo.’ ”
<- Jérémie 32Jérémie 34 ->