1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, nan [a]dizyèm ane Sédécias, wa Juda a, ki te nan dizuityèm ane a Nebucadnetsar. 2 Alò, nan lè sa a, lame a wa Babylone nan t ap fè syèj sou Jérusalem, e Jérémie, pwofèt la, te fèmen nan [b]lakou gad ki te lakay wa a Juda a.
3 Akoz Sédécias, wa Juda a te [c]mete li nan prizon e te di: “Poukisa ou pwofetize konsa pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou bay vil sa a nan men a Wa Babylone nan e li va pran l; 4 epi Sédécias, wa Juda a p ap chape nan men a Kaldeyen yo, men anverite, li va livre bay nan lamen wa Babylone nan. Li va [d]pale ak li fasafas e va wè li zye nan zye. 5 Epi konsa, li va pran Sédécias fè l rive Babylone e li va la jiskaske Mwen vizite li,” deklare SENYÈ a. “Malgre nou goumen kont Kaldeyen yo, nou [e]p ap reyisi.” ’ ”
6 Jérémie te reponn: “Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: 7 Gade byen, Hanameel, fis a Schallum nan, tonton ou, ap vin kote ou, e li va di: ‘Achte pou ou menm chan mwen ki nan Anathoth, paske se ou menm ki gen [f]dwa redanmsyon pou achte l.’ ”
8 “Konsa, Hanameel, fis a tonton m nan, te vin kote mwen nan [g]lakou gad la selon pawòl SENYÈ a. Li te di mwen: ‘Achte chan mwen an, souple, ki Anathoth, nan peyi Benjamin an; paske ou gen dwa posede l e redanmsyon an se pou ou. Achte l pou ou menm.’
13 “Epi mwen te kòmande Baruc nan prezans yo, e mwen te di: 14 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël a: ‘Pran papye tè sila yo, zak vant sa a ki fèmen ak so, ansanm ak zak vant sa a ki ouvri, e mete yo nan yon veso fèt ak ajil, pou yo ka dire pou anpil tan.’ 15 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: [l]‘Kay yo, jaden yo ak chan rezen yo ap vin achte ankò nan peyi sa a.’
16 “Lè mwen te fin bay papye tè a a Baruc, fis a Nérija a; alò, mwen te [m]priye a SENYÈ a, e te di:
26 Konsa, pawòl SENYÈ a te rive a Jérémie. Li te di: 27 “Gade byen, Mwen se SENYÈ a, [t]Bondye a tout chè yo. Èske gen bagay twò difisil pou Mwen? 28 Pou sa, pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou [u]bay vil sa a nan men a Kaldeyen yo, e nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e li va pran l. 29 Kaldeyen k ap goumen kont vil sa yo va antre [v]mete dife nan tout vil sa a, e brile li, ak kay kote te gen ofrann lansan a Baal sou twati yo, e yo te vide ofrann bwason yo a lòt dye pou fè M fache.’ ”
30 “Anverite, fis Israël yo ak fis Juda yo t ap fè sèlman sa ki [w]mal devan zye M soti nan jenès yo; paske fis a Israël yo te pwovoke M sèlman a lakòlè ak zèv men yo”, deklare SENYÈ a. 31 “Anverite, vil sa a te atire kòlè M ak raj Mwen an soti nan jou ke yo te bati li a, menm rive nan jou sa a, pou sa ta dwe [x]retire devan figi Mwen, 32 akoz tout mechanste ke fis Israël yo ak fis Juda yo te fè, pou yo ta pwovoke Mwen a lakòlè—yo menm, [y]wa yo, chèf yo, prèt yo, pwofèt yo, mesye a Juda yo, ak tout moun ki rete Jérusalem yo. 33 Yo te vire do ban Mwen olye figi yo. Malgre [z]enstriksyon ke Mwen te bay yo ankò e ankò, men yo pa t ap koute M pou resevwa lenstriksyon an. 34 Men yo te [aa]mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non pa M nan, pou souye l. 35 Yo te bati [bb]wo plas a Baal ki nan vale Ben-Hinnom nan, pou fè fis yo pase nan dife a Moloc, bagay ke M pa t kòmande yo, ni sa pa t antre nan panse M ke yo ta dwe fè bagay abominab sa a, pou fè Juda peche.”
36 Alò, pou sa, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, konsènan vil sa a ke ou te di: “Li te [cc]livre nan men a wa a Babylone nan pa nepe, pa gwo grangou, e pa gwo epidemi.” 37 “Gade byen, Mwen va ranmase yo soti nan tout peyi kote Mwen te pouse bourade yo, ale nan kòlè ak raj Mwen an, ak gran endiyasyon Mwen an; epi Mwen va mennen yo retounen nan plas sa a. Epi la, Mwen va [dd]fè yo rete anpè. 38 Yo va [ee]pèp Mwen e Mwen va Bondye yo; 39 Epi Mwen va [ff]bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo. 40 Mwen va fè yon akò k ap pou tout tan nèt avèk yo, ke Mwen [gg]p ap vire kite yo, pou fè yo byen. Konsa Mwen va mete lakrent Mwen anndan kè yo pou yo pa vire kite Mwen. 41 Mwen va rejwi de yo pou fè byen pou yo. E Mwen va, ak fidelite, [hh]plante yo nan peyi sa a, ak tout kè Mwen e ak tout nanm Mwen.”
42 Paske SENYÈ a di, [ii]“Menm jan ke M te mennen tout gwo dezas sa a sou pèp sa a, konsa Mwen va mennen sou yo tout bonte ke Mwen ap pwomèt yo. 43 [jj]Chan yo va vin achte nan peyi sa a kote ou te di: ‘Sa se yon dezolasyon, san moun ni bèt. Li livre nan men a Kaldeyen yo.’ 44 Mesye yo va achte chan yo pou lajan, [kk]siyen, mete so sou papye tè yo, e rele temwen nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo, nan vil a Juda yo, nan vil a peyi kolin yo, nan vil nan ba plèn yo, ak nan vil dezè yo; paske Mwen va ranvèse kaptivite yo,” deklare SENYÈ a.
<- Jérémie 31Jérémie 33 ->- a II Wa 25:1-2
- b Né 3:25
- c II Wa 6:32
- d Jr 39:5
- e Éz 17:9-15
- f Lev 25:25
- g Jr 32:2
- h Jen 23:16
- i És 44:5
- j Luc 2:27
- k Jr 32:16
- l Jr 30:18
- m Jen 32:9-12
- n II Wa 19:15
- o És 9:6
- p Sòm 78:43
- q Egz 6:6
- r Egz 3:8-17
- s Esd 9:7
- t Nonb 16:22
- u II Wa 25:11
- v II Kwo 36:19
- w Det 9:7-12
- x II Wa 23:27
- y Esd 9:7
- z II Kwo 36:15-16
- aa II Wa 21:1-7
- bb II Kwo 28:2
- cc Jr 32:24
- dd Jr 23:6
- ee Jr 24:7
- ff II Kwo 30:12
- gg Det 31:6
- hh Os 2:19-20
- ii Jr 31:28
- jj Jr 32:15-25
- kk Jr 32:10