Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
30
1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: 2 “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: [~1~] ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv. 3 Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, [~2~]Israël ak Juda.’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’ ”

4 Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda: 5 Paske konsa pale SENYÈ a:

“Mwen te tande son a yon [~3~]gwo laperèz,
a yon gwo krent;
pa gen lapè.
6 Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit.
Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo,
[~4~]konsi se fanm k ap fè pitit?
Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?
7 Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li.
Li se lè a [~5~]gwo doulè Jacob la;
men li va sove de li.
 
8 “Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo:
ke Mwen va [~6~]kase jouk li a soti sou kou nou.
Mwen va chire kòd yo,
e etranje yo p ap fè yo esklav ankò.
9 Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a
e [~7~]David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.
10 Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a:
“Epi pa pèdi kouraj, O Israël;
paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen
e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo.
Jacob va retounen,
Li va kalm, alèz,
e [~8~]nanpwen moun k ap fè l fè pè.
11 Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou;
paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo,
sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt.
Men m ap fè ou korije fil a mezi;
Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
12 Paske konsa pale SENYÈ a:
“Blesi ou yo pa kab geri,
e [~9~]kondisyon ou byen grav.
13 Nanpwen moun ki pou plede koz ou;
pa gen gerizon pou maleng nan, [~10~]ni ou p ap ka refè.
14 Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou,
yo pa chache ou;
paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi,
ak pinisyon a yon moun ki mechan,
akoz inikite ou gran e peche ou anpil.
 
15 Poukisa w ap kriye akoz blesi ou yo?
Doulè ou a pa gen gerizon.
Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil,
Mwen te fè ou sa a.
16 Akoz sa, tout sila ki [~11~]devore ou yo va vin devore;
epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite.
Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm,
e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo,
va vin viktim yo menm.
17 Paske M ap fè ou [~12~]reprann lasante,
e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a:
“Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di:
‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladan.’ ”
18 Konsa pale SENYÈ a:
“Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo,
e gen konpasyon pou lakay li yo;
vil la va rebati sou ranblè li yo
e [~13~]palè a va kanpe nan pwòp plas li.
19 Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo.
Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye;
anplis, Mwen va bay yo [~14~]glwa, e yo p ap meprize;
20 Pitit pa yo tou va tankou oparavan,
e kongregasyon yo va [~15~]etabli devan M.
Mwen va pini tout sila k ap oprime yo.
21 Chèf pa yo va youn nan yo,
e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo.
Mwen va [~16~]mennen li toupre,
e li va vin toupre Mwen;
paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.
22 “Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.”
23 Gade byen, [~17~]tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt,
yon tanpèt k ap ravaje;
li va eklate sou tèt a mechan yo.
24 [~18~]Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè,
jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li.
Nan dènye jou yo, ou va konprann sa.”

<- Jérémie 29Jérémie 31 ->