1 Alò, sila yo se pawòl a [a]lèt ke Jérémie, pwofèt la, te voye soti Jérusalem bay lòt ansyen an egzil yo, ansanm ak prèt yo, pwofèt yo ak tout moun ke Nebucadnetsar te pran pou fè antre an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo, 2 ( lè Wa [b]Jeconia ak manman rèn nan, ofisye tribinal yo, prens a Juda yo, gwo bòs atizan yo, ak sila ki travay nan metal yo te fin pati Jérusalem.) 3 Lèt la te voye pa men Éleasa, fis a Schaphan ak Guemaria a, fis a [c]Hilkija a, ke Sédécias, fis wa Juda a, te voye Babylone kote wa Nebucadnetsar. Li te di:
15 Akoz nou te di: “SENYÈ a te fè leve pwofèt yo pou nou Babylone”— 16 Pou sa, pale SENYÈ a konsènan wa ki chita sou twòn David la, e konsènan tout moun ki rete nan vil sa yo, frè nou yo ki [n]pa t antre ak nou an egzil yo— 17 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen ap voye sou yo [o]nepe ak gwo grangou, ensèk ak maladi pou ravaje chan yo, Mwen va fè yo tankou fig etranje ki louvri pete fann, e ki pa ka manje akoz yo pouri nèt. 18 Mwen va kouri dèyè yo ak nepe, ak gwo grangou, ak ensèk ak maladi pou ravaje chan yo. Mwen va fè yo jete ale retou pami tout wayòm latè yo, pou yo kapab vin yon gwo laperèz pou tout wayòm sou latè yo, pou yo kapab vin yon [p]madichon, yon bagay lèd e degoutan, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon repwòch pami tout nasyon kote Mwen te chase fè yo ale yo, 19 akoz yo [q]pa t koute pawòl Mwen yo,” deklare SENYÈ a: “ke Mwen te voye bay yo ankò e ankò pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Men nou pa t koute”, deklare SENYÈ a.
20 Pou sa, nou menm, koute pawòl SENYÈ a, nou menm ki ekzile yo, ke M te [r]voye ale kite Jérusalem pou rive Babylone yo. 21 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsènan Achab, fis a Kolaja a, e konsènan Sédécias, fis a Maaséja a, k ap [s]fè fo pwofesi bannou nan non Mwen, ‘Gade Byen, Mwen va livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan e li va touye yo devan zye nou. 22 Akoz yo menm, yon [t]madichon va vin itilize pa tout egzile Juda ki Babylone yo, ki va di: “Ke SENYÈ a fè ou tankou Sédécias ak tankou Achab, ke wa Babylone nan te boukannen nan dife a, 23 akoz yo te aji ak foli an Israël. Yo te [u]komèt adiltè ak madanm a vwazen yo, e yo te pale manti nan non Mwen, ke M pa t janm kòmande yo fè. Mwen se Sila ki konnen, e Mwen se temwen,” deklare SENYÈ a.’ ”
24 A [v]Schemaeja, Nechelamit lan, ou va di: 25 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te voye [w]lèt nan pwòp non pa w a tout pèp Jérusalem nan, a Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, epi a tout prèt yo, epi di: 26 “SENYÈ a te fè nou prèt olye Johojada, prèt la, pou vin chèf lakay SENYÈ a sou chak moun fou ki pwofetize, pou [x]mete li nan sèp ak nan kolye an fè. 27 Alò, konsa, poukisa ou pa t repwoche Jérémie a [y]Anathoth ki fè pwop tèt li pwofet ou menm nan? 28 Paske, li te [z]voye nou Babylone e li te di: Egzil la va byen long. Bati kay pou viv. Plante jaden pou manje pwodwi yo.” ’ ”
29 [aa]Sophonie, prèt la, te li lèt sa a bay Jérémie, pwofèt la. 30 Epi pawòl a SENYÈ a te vini a Jérémie ki te di: 31 “Voye kote tout egzile yo e di: ‘Konsa pale SENYÈ a konsènan Schemaeja, Nechelamit lan: “Akoz Schemaeja te [bb]pwofetize a nou menm, malgre Mwen pa t voye l e li te fè nou kwè nan yon manti,” 32 Akoz sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou pini Schemaeja, Nechelamit lan, ak desandan li yo. [cc]Li p ap gen pèsòn k ap viv pami pèp sa a, ni li p ap wè bonte ke Mwen prèt pou fè pou pèp Mwen an,” deklare SENYÈ a: “akoz li te preche rebelyon kont SENYÈ a.” ’ ”
<- Jérémie 28Jérémie 30 ->- a II Kwo 30:1-6
- b II Wa 24:12-16
- c I Kwo 6:13
- d Jr 24:5
- e Jr 29:28
- f Jr 16:2-4
- g Jr 27:9
- h Jr 27:15
- i II Kwo 36:21-23
- j Sòm 40:5
- k Sòm 50:15
- l Det 4:29
- m Det 30:1-10
- n Jr 38:2-23
- o Jr 27:8
- p És 65:15
- q Jr 6:19
- r Jr 24:5
- s Jr 14:14-15
- t És 65:15
- u Jr 5:8
- v Jr 29:31-32
- w Jr 29:1
- x Trav 16:24
- y Jr 1:1
- z Jr 29:1
- aa Jr 29:25
- bb Jr 14:14-15
- cc I Sam 2:30-34