Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
24
1 Pawòl SENYÈ a te demontre m, epi, gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a, lè [~1~]Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fin retire Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone. 2 Yon panyen te gen bon fig etranje yo, tankou nan [~2~]premye rekòlt yo, e lòt panyen an te gen move fig ki pa t ka manje akoz yo te pouri.

3 Konsa, SENYÈ a te di m: [~3~]“Kisa ou wè, Jérémie?”

Mwen te reponn: “Fig etranje yo, bon fig etranje yo, byen bon, ak move fig etranje yo, byen move, ki pa ka manje akoz yo pouri.”

4 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 5 “Konsa pale SENYÈ Israël a ‘Tankou bon fig etranje yo, konsa Mwen va konsidere [~4~]kon bon, kaptif a Juda yo, ke m te voye sòti nan plas sa a pou antre nan peyi Kaldeyen yo. 6 Paske Mwen va fikse zye M sou yo pou byen e Mwen va [~5~]mennen yo ankò nan peyi sa a. Mwen va bati yo, e Mwen p ap rale fè yo desann. Mwen va plante yo e Mwen p ap rache yo. 7 Mwen va bay yo yon [~6~]kè pou rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’ ”

8 “Men tankou move fig etranje ki pa ka manje akoz yo pouri yo—anverite, konsa”, pale SENYÈ a—“Konsa Mwen va abandone Sédécias, wa Juda a, dirijan li yo, [~7~]retay Jérusalem ki rete nan peyi sa a, ak sila ki rete nan peyi Égypte yo. 9 Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib, e yon [~8~]madichon tout kote ke M gaye yo. 10 Mwen va voye [~9~]nepe ak gwo grangou, maladi ak bèt pou ravaje chan yo jiskaske yo fin detwi soti nan peyi ke M te bay a yo menm nan ak papa zansèt yo.”

<- Jérémie 23Jérémie 25 ->