1 “Malè a bèje k ap [a]detwi e gaye mouton patiraj Mwen yo!” deklare SENYÈ a. 2 Akoz sa, pale SENYÈ Bondye Israël la konsènan bèje k ap fè gadyen pèp Mwen yo: “Nou fin gaye bann mouton Mwen, chase yo ale, e nou pa t okipe yo. Gade byen, Mwen prèt pou [b]regle nou pou mechanste a zak nou yo,” deklare SENYÈ a. 3 “Epi konsa, Mwen va [c]rasanble retay bann mouton Mwen an soti nan tout peyi ke m te pouse yo ale yo, e mennen yo retounen nan pa yo. Yo va vin bay fwi e peple anpil. 4 Anplis, Mwen va leve bèje sou yo e yo va okipe yo. Konsa, yo [d]p ap pè ankò, ni plen ak laperèz ni okenn moun p ap manke,” deklare SENYÈ a.
9 Epi pou pwofèt yo:
15 Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo konsènan pwofèt yo:
25 “Mwen te tande sa pwofèt ki fè [x]fo pwofesi nan non Mwen yo te di. Y ap di: ‘Mwen te fè yon rèv, mwen te fè yon rèv!’ 26 Pou konbyen de tan? Èske gen yon bagay nan kè pwofèt ki fè fo pwofesi yo, menm pwofèt sila ki [y]twonpe pwòp kè yo? 27 Yo gen entansyon [z]fè pèp Mwen an bliye non Mwen ak rèv ke yo repete youn ak lòt yo, menm jan ke papa zansèt yo te bliye non M akoz Baal? 28 Pwofèt ki fè rèv la, kite li repete rèv li a. Epi sila ki gen pawòl pa M, kite l pale pawòl pa M nan ak verite. [aa]Kisa gen nan pay ki sanble ak sereyal? 29 Èske pawòl Mwen pa tankou yon dife?” deklare SENYÈ a: “Èske li pa tankou yon [bb]mato ki kraze fann wòch?”
30 Pou sa, gade byen, [cc]“Mwen kont pwofèt yo,” deklare SENYÈ a: “Ki vòlè pawòl Mwen yo soti nan youn lòt.” 31 “Gade byen, Mwen kont pwofèt yo”, deklare SENYÈ a: “Ki sèvi lang yo pou deklare, ‘SENYÈ a deklare’. 32 Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo [dd]rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.
33 “Alò, lè pèp sa a, pwofèt la oswa prèt la mande ou pou di: ‘Se kilès ki [ee]pòt pawòl SENYÈ a?’ Alò, ou va reponn yo: ‘Ki pòt pawòl sa a?’ “Mwen va retire jete nou” deklare SENYÈ a’. 34 Epi pou pwofèt la, prèt la oswa pèp la ki di: [ff] ‘Pòt pawòl SENYÈ a’, Mwen va mennen pinisyon sou moun sila a ak lakay li. 35 Konsa nou chak va di a vwazen li, ak frè li: [gg] ‘Se ki repons SENYÈ a te bay’, oswa ‘se ak kilès SENYÈ a te pale?’ 36 Paske nou p ap sonje pwofesi SENYÈ a ankò, akoz pawòl a chak moun va devni pwop mesaj li. Konsa nou fin [hh]tòde pawòl a SENYÈ dèzame yo, Bondye nou an. 37 Pou sa a, nou va di a pwofèt sa a: ‘Ki repons SENYÈ a te bannou?’ epi ‘Kisa SENYÈ a te di’? 38 Akoz nou di: ‘Pwofesi SENYÈ a,’ anverite, konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz nou sèvi pawòl sila a, “pwofesi SENYÈ a,” Mwen ap voye kote nou pou di: “Nou pa pou di ‘Pwofesi SENYÈ a!” ’ 39 Akoz sa, gade byen, [ii]Mwen va, anverite, bliye nou e jete nou lwen prezans Mwen, ansanm ak vil ke M te bannou ak papa zansèt nou yo. 40 Mwen va fè poze yon [jj]repwòch ki p ap janm sòti sou nou, ak yon imilyasyon ki p ap janm bliye.”
<- Jérémie 22Jérémie 24 ->- a És 56:9-12
- b Egz 32:34
- c És 11:11-16
- d Jr 30:10
- e És 4:2
- f És 7:14
- g És 43:18-19
- h És 43:5-6
- i Jr 8:18
- j Sòm 107:34
- k Jr 6:13
- l I Wa 18:18-21
- m Jr 29:23
- n Det 29:18
- o Jr 27:9-10
- p Jr 8:11
- q Job 33:31
- r Jr 25:32
- s II Wa 23:26
- t Jr 14:14
- u Jr 9:12
- v Sòm 139:1-10
- w I Wa 8:27
- x Jr 14:14
- y I Tim 4:1-2
- z Det 13:1-3
- aa I Kor 3:12-13
- bb II Kor 10:4-5
- cc Det 18:20
- dd Det 13:1-2
- ee És 13:1
- ff Lam 2:14
- gg Jr 33:3
- hh Gal 1:7-8
- ii Jr 7:14-15
- jj Jr 20:11