1 Lè Paschhur, prèt la, fis a Immer a, ki te [a]chèf ofisye lakay SENYÈ a, te tande Jérémie fè pwofesi sila yo, 2 Paschhur te fè yo [b]bat Jérémie, pwofèt la. Li te mete li nan sèp yo ki te kote Pòtay Anwo Benjamin an, ki te nan lakay SENYÈ a. 3 Nan pwochen jou a, lè Paschhur te lage Jérémie sòti nan sèp yo, Jérémie te di li: “Paschhur se pa non ke SENYÈ a te [c]bay ou, men pito Magor-Missabib. 4 Paske konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè ou vin yon gwo laperèz pou pwòp tèt ou, ak tout zanmi ou yo. Pandan zye ou toujou ap gade, yo va tonbe pa nepe lènmi pa yo. Se konsa, mwen va [d]livre tout Juda, pou tonbe nan men a wa Babylone nan. Li va pote yo ale tankou egzile Babylone e li va touye yo ak nepe. 5 Anplis, Mwen va livre tout richès vil sa a, tout pwodwi li yo ak tout bagay koute chè li yo, menm tout trezò a wa a Juda yo, e mwen va livre yo nan [e]men a lènmi yo. Yo va piyaje yo, pote yo ale, e pote yo Babylone. 6 Konsa, ou menm, Paschhur, ou menm ak tout sila ki rete lakay ou yo, va ale an kaptivite. Ou va antre nan Babylone. Ou va mouri la, e la, ou va antere; ou menm avèk tout [f]zanmi ou yo ki te bay fo pwofesi yo.’ ”