5 Paske konsa pale SENYÈ a: “Pa antre nan [~3~]kay doulè a, ni pa ale kriye pou yo! Pa regret yo! Paske Mwen te retire lapè M de pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “lanmou Mwen ak konpasyon Mwen.” 6 Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki [~4~]blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo. 7 Pèsòn p ap [~5~]kase pen doulè a pou yo, pou konsole okenn moun pou lanmò, ni bay yo yon tas konsolasyon pou bwè pou papa yo, oswa manman yo.
8 “Anplis, ou [~6~]pa prale nan yon kay ki gen fèt pou chita ak yo pou manje ak bwè.” 9 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va [~7~]elimine nèt nan plas sa, vwa rejwisans ak vwa kè kontan, vwa a jèn gason fenk marye ak vwa a jèn fi marye, devan zye nou e nan pwòp tan pa nou. 10 Alò, lè ou di pèp sa a tout pawòl sa yo, yo va di ou: [~8~] ‘Pou ki rezon SENYÈ a te deklare tout gwo malè sa a kont nou? Epi ki inikite oswa ki peche ke nou te fè kont SENYÈ a, Bondye nou an?’ 11 Nan lè sa a, ou gen pou di yo: [~9~] ‘Akoz papa zansèt nou yo te abandone Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou te swiv lòt dye yo, pou te sèvi yo e te pwostène devan yo. Konsa yo te abandone Mwen e yo pa t kenbe lalwa Mwen an. 12 Nou tou, te fè mal [~10~]plis menm ke papa zansèt nou yo. Paske gade byen, nou chak ap mache selon tèt di a pwòp kè mechan pa nou, san koute Mwen. 13 Akoz sa, Mwen va [~11~]jete nou deyò peyi sa a, antre nan yon peyi ke nou pa t janm konnen, ni nou menm, ni papa zansèt nou yo. La menm, nou va sèvi lòt dye yo lajounen kon lannwit, paske Mwen p ap bannou okenn favè.’
14 “Akoz sa, gade byen, gen jou k ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè fraz sila a p ap menm repete ankò: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen, fè fis Israël yo soti nan [~12~]peyi Égypte la’, 15 Men: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen fè monte fis Israël yo [~13~]soti nan peyi nò a e soti nan tout peyi kote Li te ekzile yo.’ Paske Mwen va restore yo a pwòp peyi yo, ke Mwen te bay a papa zansèt yo.
16 “Gade byen, Mwen ap voye anpil [~14~]moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo. Apre sa a, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo. 17 Paske zye M sou tout chemen pa yo. Yo pa kache devan figi Mwen, [~15~]ni inikite yo pa kache devan zye M. 18 Premyèman, Mwen va rekonpanse doub tout inikite ak peche yo, akoz yo te [~16~]fè peyi a pouri nèt. Akoz yo te ranpli eritaj Mwen an ak kadav a zidòl abominab yo, e eritaj Mwen an ak abominasyon pa yo.”