1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, t ap di: 2 “Koute pawòl [a]akò sila a e pale avèk mesye Juda yo ak sila ki rete Jérusalem yo. 3 Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, [b]“Modi se nonm ki pa okipe pawòl akò sila a, 4 ke Mwen te kòmande papa zansèt nou yo pou fè nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan [c]founo fè a, lè M te di yo: ‘Koute vwa Mwen e fè selon tout sa ke Mwen kòmande nou. Konsa, nou va pèp Mwen e Mwen va Bondye nou,’ 5 pou m ka etabli [d]sèman ke M te fè ak papa zansèt nou yo, pou bay yo yon peyi k ap koule ak lèt, ak siwo myèl, jan li ye nan jou sa a.” ’ ”
9 Konsa, SENYÈ a te di m: “Gen yon [h]konplo vin k ap fèt pami mesye Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo. 10 Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo. Yo [i]te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo. Lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò ke M te fè ak papa zansèt yo.” 11 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap [j]mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo. 12 Konsa, lavil a Juda ak pèp Jérusalem nan va [k]ale kriye a lòt dye kote yo brile lansan an; men anverite, yo p ap sove yo nan tan gwo dezas yo. 13 Paske dye nou yo menm kantite ak vil nou yo, O Juda; epi menm kantite ak lari Jérusalem yo se lotèl kote nou te plase [l] gwo wont sa yo, menm pou brile lansan bay Baal yo.
14 “Akoz sa, pa priye pou pèp sa a. Ni pa leve gwo kri oswa fè lapriyè pou yo; paske Mwen [m]p ap koute yo lè yo rele Mwen akoz gwo dezas yo.
18 Anplis, SENYÈ a te [q]fè m konprann, e mwen te konnen li. Konsa, Ou te montre m zak yo. 19 Men mwen te tankou yon [r]jenn mouton dou k ap mennen labatwa. Mwen pa t konnen ke yo te fòme yon konplo kont mwen; Ke yo t ap di,
21 Akoz sa, SENYÈ a pale selon mesye [t]Anathoth yo, k ap chache lavi ou, k ap di: “Pa pwofetize nan non SENYÈ a, pou ou pa mouri nan men nou”— 22 Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen prèt pou pini yo! [u]Jennonm yo va mouri pa nepe, fis ak fi yo va mouri ak gwo grangou. 23 Menm yon retay [v]p ap rete pou yo. Paske Mwen ap mennen yon dezas sou mesye Anathoth yo, jis li rive ane règleman pa yo.”
<- Jérémie 10Jérémie 12 ->