1 Men pita, pandan rekòlt ble a, Samson te vizite madanm li [a]avèk yon jenn kabrit. Li te di: “Mwen va antre vè madanm mwen nan chanm li.”
3 Samson te di a yo: “Fwa sa a, mwen p ap gen tò anvè Filisten yo lè m fè yo mal.” 4 Samson te ale kenbe twa-san rena. Li te pran tòch yo, e te vire yo mare ke a ke, e li te mete yon tòch nan mitan chak de ke yo. 5 Lè l te fin limen tòch yo, li te lage rena yo nan chan sereyal Filisten yo, e te brile pakèt sereyal yo ak ble, ansanm avèk chan rezen avèk lòt chan bwa fwi.
6 Konsa, Filisten yo te di: “Kilès ki te fè sa?”
7 Samson te di yo: “Akoz n ap aji konsa, mwen va vrèman pran vanjans sou nou, men apre sa, m ap sispann.” 8 Li te frape yo byen di avèk yon gwo masak; epi li te desann pou te viv nan krevas wòch la nan Étam. 9 Alò, Filisten yo te monte fè kan nan Juda e te vin gaye nan Léchi.
10 Mesye Juda yo te di: “Poukisa nou vin monte kont nou?”
11 Epi twa-mil lòm Juda te desann vè krevas wòch la nan Étam, e yo te di Samson: “Èske ou pa konnen [d]ke Filisten yo gen tout fòs sou nou? Poukisa, konsa, ou vin fè nou sa?”
12 Yo te di li: “Nou te vin isit la pou mare ou pou nou kapab livre ou nan men Filisten yo.” Epi Samson te di yo:
13 Yo te di li: “Non, men nou va mare ou nèt e livre ou nan men yo; men anverite, nou p ap touye ou.” Yo te mare li avèk de kòd nèf e te mennen li monte soti nan wòch la.
14 Lè li te rive nan Léchi, Filisten yo te rele fò pandan yo t ap rankontre li. Epi [e]Lespri SENYÈ a te vini sou li avèk pouvwa, jiskaske kòd sou bwa li yo te vin tankou pay len ki brile ak dife e kòd yo te tonbe sòti nan men li. 15 Li te twouve yon zo a machwè bourik fre. Konsa, li te lonje pran l e li te [f]touye mil lòm avèk li. 16 Alò, Samson te di: “Avèk machwè a yon bourik, pil sou pil; avèk machwè a yon bourik, mwen te touye yon milye moun.” 17 Lè l te fin pale, li te jete machwè a sòti nan men l; epi plas sa a te rele Ramath-Léchi.
18 Alò, li te vin swaf. Li te [g]rele a SENYÈ a e li te di: “Ou te bay delivrans pa men sèvitè Ou e, koulye a, mwen va mouri ak swaf e tonbe nan men a ensikonsi yo?”
19 Men Bondye te fann kote vid ki nan Léchi a, e dlo te sòti ladann. Lè li te bwè, fòs li te retounen e li te reprann fòs. Pou sa, li te rele kote sa a En-Hakkoré, ki nan Léchi jis rive jodi a. 20 Epi [h]li te jije Israël pandan ventan nan jou a Filisten yo.
<- Jij Yo 14Jij Yo 16 ->