1 Alò, apre Abimélec te fin mouri, Thola, fis a Puah a, fis a Dodo a, yon nonm Issacar, te [a] leve pou delivre Israël. Li te rete Schamir, nan peyi ti kolin Éphraïm yo. 2 Li te jije Israël pandan venn-twazan. Li te mouri e te antere Schamir.
3 Apre li, Jaïr Galaadit la te leve pou te jije Israël pandan venn-dezan. 4 Li te gen trant fis ki te monte sou trant bourik. Konsa, yo te gen trant vil nan peyi Galaad, ke yo [b] rele Havvoth-Jaïr jis rive jodi a. 5 Epi Jaïr te mouri e te antere Kamon.
6 Alò, fis Israël yo te fè mal devan zye SENYÈ a, yo te [c]sèvi Baal yo avèk Astarté yo, dye a Syrie yo, dye a Sidon yo, dye a Moab yo, dye a fis Ammon yo, ak dye a Filisten yo. Konsa, [d]yo te abandone SENYÈ a e yo pa t sèvi li. 7 Kòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te [e]vann yo nan men a Filisten yo ak nan men a fis Ammon yo. 8 Yo te aflije e te kraze fis Israël yo nan ane sa a. Pandan di-zuit ane, yo te aflije tout fis Israël ki te lòtbò Jourdain an nan Galaad nan peyi Amoreyen yo. 9 Fis a Ammon yo te travèse Jourdain an pou yo te kab, osi, batay avèk Juda, Benjamin, avèk lakay Éphraïm. Sa te fè gwo pwoblèm pou Israël. 10 Konsa, [f]fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.”
11 SENYÈ a te di a fis Israël yo: “Èske Mwen pa t delivre nou [g]soti nan men Ejipsyen yo, [h] Amoreyen yo, fis a Ammon yo, ak Filisten yo? 12 Osi, lè Sidonyen yo, Amalekit yo avèk Maonit yo te [i]oprime nou, nou te kriye fò ban Mwen, e Mwen te delivre nou soti nan men yo. 13 Malgre sa, [j]nou te abandone Mwen pou sèvi lòt dye yo. Pou sa, Mwen p ap delivre nou ankò. 14 [k]Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.”
15 Fis Israël yo te di a SENYÈ a: “Nou te peche. [l]Fè ak nou sa ki sanble bon a Ou menm; sèlman souple delivre nou jodi a.” 16 [m]Konsa, yo te retire dye etranje sila ki te pami yo pou te sèvi SENYÈ a; epi [n]Li pa t kab sipòte mizè Israël ankò.
17 Alò fis Ammon yo te rasanble; yo te fè kan Galaad. Epi fis a Israël yo te vin rasanble pou te fè kan an [o]Mitspa. 18 Pèp la, chèf a Galaad yo te di: “Ki moun ki va ouvri batay la kont fis Ammon yo? Li menm, li va chèf sou tout pèp Galaad la.”
<- Jij Yo 9Jij Yo 11 ->