1 Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk [a]patipri.
2 Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak [b]rad sal, 3 epi nou prete atansyon espesyal a sila ki [c]byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”, 4 Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij [d]avèk move lentansyon?
5 Koute, frè byeneme m yo, èske [e]Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e [f]eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo? 6 Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal. 7 [g]Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la?
8 Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: [h]“Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.
9 Men si nou [i]montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè. 10 Paske sila ki kenbe tout lalwa a, malgre sa, li [j]tonbe nan yon sèl, li vin koupab de tout. 11 Paske, Sila a ki te di: [k]“Pa fè adiltè” a, Li te di tou: [l]“Pa touye moun”. Alò, si nou pa fè adiltè, men nou touye moun, nou gen tan vin yon transgresè lalwa. 12 Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa [m]lalwa libète a. 13 Paske [n]jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.
14 [o]Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? 15 [p]Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, 16 epi youn nan nou di yo: [q]“Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? 17 Menm jan an [r]lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.
18 Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m [s]lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”
19 Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. [t]Demon yo kwè tou, e yo tranble. 20 Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke [u]lafwa san zèv vin initil? 21 [v]Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la? 22 Nou wè ke [w]lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, [x]zèv lafwa li a te vin pafè. 23 Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: [y]“Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a. 24 Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a. 25 Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesajè yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an? 26 Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou [z]lafwa san zèv deja mouri.
<- Jacques 1Jacques 3 ->