1 Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete [a]peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plenn glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo.
2 [b] Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè;
sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a,
limyè va fonse briye sou yo;
3 [c] Ou te fè pèp la grandi anpil;
Ou ogmante kè kontan yo.
Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la. 4 Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a [d]sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an. 5 Paske tout protej gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a. 6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi [e]gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7 [f] P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.
8 SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob
e li tonbe sou Israël.
9 Tout pèp la va konnen sa;
[g] Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo,
k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo:
10 [h] “Brik yo fin tonbe,
men nou va rebati ak wòch taye;
bwa sikomò yo fin koupe,
men nou va ranplase yo ak bwa sèd.”
11 Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo
advèsè ki sòti [i] Retsin yo
e chofe ènmi yo,
12 Siryen lès yo ak [j] Filisten lwès yo;
epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri.
Malgre sa, kòlè Li p ap detounen
e men L va toujou lonje.
13 Sepandan, pèp la [k]p ap vire retounen
kote Sila ki te frape yo a,
ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo.
14 Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni [l] tèt ni ke sou Israël,
ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou.
15 Tèt la se [m] ansyen ki byen respekte a
e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.
16 Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo.
Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.
17 Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo,
ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo;
paske yo tout se malfektè ki san Bondye
e [n]bouch yo tout ap pale nan foli.
Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen,
e men L toujou lonje.
18 [o] Paske mechanste brile tankou dife;
li manje ni pikan ni raje.
Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm
e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen.
19 Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a,
e se pèp la ki se lwil pou dife a.
[p]Nanpwen moun ki eseye sove frè l.
20 Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou;
yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè.
Yo chak manje [q] chè pwòp bra yo.
21 Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé
e ansanm, yo kont Juda.
[r] Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen