Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Alò, li te vin rive nan jou Achaz yo, fis a Jotham la, fis a Ozias la, wa Juda a, ke Retsin, wa Syrie a ak Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte vè Jérusalem pou fè lagè kont li, men yo [a]pa t ka genyen l. 2 Lè rapò a te rive kote [b]lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.

3 Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent [c]kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an. 4 Epi di li: ‘Fè atansyon e rete kalm. Pa pè e pa dekouraje akoz grenn chouk [d]sann cho sa yo k ap fè lafimen akoz de gwo kòlè Retsin ak Syrie, ak fis Remalia a. 5 Paske [e]Syrie, Éphraïm ak fis a Remalia yo, te fè plan mechanste kont ou e te di: 6 Annou monte kont Juda, teworize l, fè pou nou yon brèch nan miray li yo, e fè fis Tabeel la vin wa nan mitan li.” 7 Konsa pale Senyè BONDYE a: [f]“Sa p ap kanpe, ni sa p ap pase.” 8 Paske tèt Syrie a se [g]Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò), 9 Epi tèt a Éphraïm se Samarie, tèt a Samarie se fis a Remalia a. [h]Si ou pa kwè, anverite, ou p ap etabli.’ ”

10 SENYÈ a te pale ankò ak Achaz. Li te di: 11 “Mande yon [i]sign pou ou menm soti nan SENYÈ a, Bondye ou a; fè l nan fon a, tankou Sejou mò yo, oswa nan wotè tankou rive nan syèl la.”

12 Men Achaz te di: “Mwen p ap mande, ni mwen p ap pase SENYÈ a a leprèv!”

13 Epi li te di: “Koute koulye a, O lakay David! Èske se yon bagay ki twò piti pou nou menm pou tante pasyans a lezòm, ke nou va tante pasyans a [j]Bondye mwen an tou? 14 Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon [k]vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li [l]Emmanuel. 15 Li va manje [m]bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon. 16 Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, [n]peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt. 17 SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke [o]Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.

18 Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan [p]kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo. 19 Yo tout va vini fè anplasman sou ravin apik yo, sou [q]ti pla falèz yo, kloti bwa pikan yo ak sou tout sous patiraj bèt yo.

20 Nan jou sa a, SENYÈ a va [r]raze ak yon razwa, ki lwe soti nan rejyon lòtbò rivyè Euphrate la. Se wa Assyrie la menm. L ap manje tout jis nan tèt ak plim sou pye, pou l rive fin manje jis nan bab la.

21 Alò, nan jou sa a, yon nonm ka fè viv yon sèl grenn [s]gazèl bèf ak yon pè mouton. 22 Men akoz gwo kantite lèt ki pwodwi, li va bwè bòl lèt kaye a, paske tout moun ki rete nan peyi a va bwè [t]bòl lèt ak siwo myèl la.

23 Konsa, li va rive nan jou sa a, ke [u]tout kote ki te konn genyen mil pye rezen, ki te gen valè a mil sik ajan, va vin tounen raje ak pikan. 24 Moun va vini la ak banza ak flèch yo akoz tout tè a va vin fè raje ak pikan. 25 Tout kolin ki te konn kiltive ak wou yo, nou p ap prale la akoz nou pè raje ak pikan. Li va devni yon kote pou [v] pye bèf ak mouton pou yo foule l nèt.”

<- Ésaïe 6Ésaïe 8 ->