Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
59
1 Gade byen, [a]men SENYÈ a pa tèlman kout
pou l pa ka sove;
ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande.
2 Men se [b]inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an,
e se peche nou yo
ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.
3 Paske [c]men nou souye ak san vèse,
e dwèt nou ak inikite.
Lèv nou fin pale sa ki fo,
e lang nou plenyen mechanste.
4 Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati,
ni ki fè plent ak entegrite.
Yo mete konfyans nan vanite,
e yo pale manti.
Yo [d]simen mal e yo rekòlte mechanste.
5 Yo kale ze koulèv yo,
e [e]trese fil arenye yo.
Sila ki manje ze yo va mouri;
e nan sa ki kraze a, yon koulèv va pete vin parèt.
6 Fil pa yo p ap fè rad;
ni zèv yo p ap ka [f]kouvri yo.
Zèv pa yo se zèv inikite,
e se zak vyolans ki rete nan men yo.
7 [g]Pye pa yo kouri vè mal,
e yo fè vit pou vèse san inosan an.
Panse pa yo se panse inikite,
e destriksyon ak dega sou chemen yo.
8 Yo pa konnen [h]chemen lapè,
e nanpwen jistis nan yo.
Yo te fè wout kwochi;
nenpòt moun ki antre kote yo pa konnen lapè.
 
9 Akoz sa, lajistis rete lwen nou,
e ladwati pa fin rive sou nou.
Nou espere jwenn limyè pou klere nou,
men nou mache nan fènwa.
10 Nou [i]tatonnen akote mi an tankou moun avèg.
Nou tatonnen kon sila ki pa gen zye yo.
Nou kilbite a midi konsi se nan aswè.
Pami sila ki plen kouraj yo, nou parèt tankou moun mouri.
11 Epi nou tout [j]gwonde tankou lous,
e plenyen ak tristès kon toutrèl.
Nou espere lajistis, men nanpwen;
pou delivrans, men li lwen nou.
 
12 Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou,
e [k]peche nou yo temwaye kont nou.
Paske transgresyon nou yo rete avèk nou
e nou konnen inikite nou yo:
13 Nou fè rebèl e nou [l]nye SENYÈ a.
Nou vire kite Bondye nou an,
ak pawòl opresyon ak rebèl.
Nan kè a, nou fòmante
e fè vin parèt pawòl manti.
14 [m]Lajistis vin detounen
e ladwati vin kanpe byen lwen.
Paske verite a fin glise tonbe nan lari
e ladwati p ap ka antre.
15 Wi, verite a manke;
epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la,
[n]fin fè pwòp tèt li yon viktim.
 
Alò, SENYÈ a te wè
e sa pa t fè plezi devan zye L,
ke pa t gen jistis.
16 Li te wè ke pa t gen pèsòn,
e te etone ke pa t gen moun ki pou entèsede.
Akoz sa a, [o]pwòp bra Li te mennen sali a rive kote Li,
e ladwati Li te bay Li soutyen.
17 Li te abiye ak ladwati kon pwotèj lestomak,
e ak [p]kas sali a sou tèt Li.
Li te mete vètman vanjans kon abiman,
e te vlope tèt Li ak zèl, kon manto Li.
18 [q]Selon zèv pa yo, konsa Li va rekonpanse yo:
jijman ak kòlè a advèsè Li yo,
rekonpans a lènmi Li yo;
a peyi kot yo, Li va bay sa yo merite.
19 Akoz sa, yo va gen krent non SENYÈ a soti nan lwès
e glwa Li soti kote solèy leve a;
paske Li va [r]vini tankou dlo ravin k ap desann byen rapid.
Se van SENYÈ a kap pouse l.
 
20 “Yon [s]Redanmtè va vini nan Sion,
e a sila ki vire kite transgresyon Jacob yo,” deklare SENYÈ a.

21 “Pou Mwen menm, sa se [t]akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.”

<- Ésaïe 58Ésaïe 60 ->