Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
56
1 Konsa pale SENYÈ a:
“Konsève sa ki jis
e fè sa ki dwat,
paske [a]sali Mwen an prèt pou rive
e ladwati Mwen va vin revele.
2 A la [b]beni nonm ki fè sa a beni,
e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm;
ki pa janm derespekte Saba a,
e ki anpeche men l fè mal la.”
 
3 Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di:
“Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.”
Ni pa kite [c] enik lan di:
“Gade byen, mwen se yon bwa sèch”.
 
4 Paske konsa pale SENYÈ a:
“A enik yo ki [d]kenbe Saba Mwen yo,
ki chwazi sa ki fè M plezi,
e ki kenbe fèm nan akò Mwen an,
5 a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an;
anndan miray Mwen yo, yon memoryal
e yon [e]non ki meyè a fis yo oswa fi yo.
Mwen va bay yo yon non
k ap dire nèt jis pou letènite,
ki p ap janm disparèt.”
 
6 “Anplis, [f]etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a,
pou sèvi Li,
pou renmen non a SENYÈ a,
pou vin sèvitè Li,
yo tout ki pa derespekte Saba a,
e ki kenbe fèm sou akò Mwen an;
7 menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an,
e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an.
Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an;
paske [g]kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”
8 Senyè BONDYE a, ki [h]rasanble dispèse a Israël yo, deklare:
“Mwen va rasanble lòt yo anvè yo,
lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.”
 
9 Nou tout, [i]bèt a chan yo,
vin manje,
ak tout bèt a forè yo.
10 [j]Gadyen Li yo avèg.
Tout nan yo san konprann.
Se chen bèbè ki pa ka jape;
moun k ap kouche fè rèv,
ki renmen somèy.
11 Wi, chen yo voras.
Yo pa janm jwenn asi.
Se bèje yo ye san konprann.
Yo tout [k]vire tounen nan pwòp chemen pa yo,
yo chak nan ranmase byen de tout katye.
12 “Vini”, yo di: “Annou twouve diven;
annou bwè anpil bwason fò.
Epi [l]demen na p fè menm jan ak jodi a!
Plis menm!”

<- Ésaïe 55Ésaïe 57 ->