52
1 [a]Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion.
Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an;
paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo
p ap antre kote ou a ankò.
2 Souke leve kò ou [b]sòti nan pousyè a,
O kaptif Jérusalem nan!
Retire chenn sa yo nan kou ou,
O fi kaptif a Sion an.
3 Paske konsa pale SENYÈ a: “Ou te vann pou granmesi
e ou va [c]rachte san vèse lajan.”
4 Paske konsa pale SENYÈ a:
“Pèp Mwen an nan kòmansman,
[d]te desann an Égypte pou rezide la,
epi Asiryen yo te oprime yo san koz.
5 Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a,
“konsi pèp Mwen an te retire san koz?”
Ankò deklare SENYÈ a:
“Konsi, pèp Mwen rachte pou reyen,
epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan,
e [e]non Mwen blasfeme tout lajounen,
6 pou sa, pèp Mwen an va [f]konnen non Mwen.
Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale.
Gade byen, se Mwen!”
7 A la bèl sou mon yo, se pye a sila ki pote [g]bòn nouvèl la,
ki anonse lapè,
ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan,
ki anonse Sali,
ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”
8 Gadyen ou yo leve [h]vwa yo.
Yo rele fò ak kè kontan ansanm;
paske yo va wè ak pwòp zye yo
lè SENYÈ a retounen nan Sion an.
9 Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo,
paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.
Li te [i]rachte Jérusalem.
10 SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè.
[j]Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.
11 [k]Sòti! Sòti! Kite kote sa a!
Pa touche anyen ki pa pwòp!
Sòti nan mitan li!
Vin pirifye nou menm!
Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.
12 Nou p ap kite ak gran vites,
ni nou p ap kouri devan moun;
paske [l]SENYÈ a va ale devan nou
e Bondye Israël la va fè gad an aryè.
13 Gade byen, [m]sèvitè Mwen an va aji avèk sajès.
Li va leve wo, e vin egzalte anpil.
14 Menm jan ke anpil moun te etone de ou—
konsa [n]aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun,
e fòm li plis ke fis a lòm yo.
15 Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon.
Wa yo va pe bouch yo pou koz Li;
paske [o]sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l,