5
1 Kite mwen chante koulye a pou byeneme mwen an, selon chan rezen Li.
Byeneme m nan te gen yon [a]chan rezen sou yon kolin byen fètil.
2 Li te fouye toupatou li,
retire wòch li yo,
e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a.
[b]Li te bati yon fò nan mitan l,
e te fouye yon basen diven ladann.
Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo,
men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon.
3 Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo,
[c]jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an.
4 [d]Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja?
Poukisa lè M te atann a bon rezen yo,
li te vin pwodwi sa ki pa bon yo?
5 Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap fè ak chan rezen sa a:
Mwen va retire kloti li e li va brile;
Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt.
6 Mwen va gaye gate l nèt.
Li p ap koupe ni sèkle ak wou,
men pikan ak zepin va vin leve nan li.
Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo
pou [e]lapli pa tonbe ladann.
7 Paske [f]chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël,
e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a.
Konsa, Li t ap chache jistis;
men olye sa Li te jwenn san vèse;
pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Amwey”.
8 Malè a sila ki ogmante kay sou kay
ak chan a sou lòt chan,
jiskaske pa gen plas,
pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!
9 Nan zòrèy mwen SENYÈ dèzame yo te sèmante:
“Anverite, anpil kay va vin [g]vid;
menm sa ki bèl yo, san moun pou rete ladann.
10 Paske kat ekta teren p ap donnen plis ke yon bat (22 lit) diven
e yon [h]omè (220 lit) p ap bay plis ke yon efa (22 lit) sereyal.”
11 Malè a sila ki leve granmaten yo
pou yo ka kouri dèyè [i] bwason fò,
sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.
12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven;
men [j]yo pa okipe zèv SENYÈ yo,
ni yo pa konsidere zèv men Li yo.
13 Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz [k]mank konesans yo;
epi mesye ki gen onè yo
rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf.
14 Pou sa, [l]Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo
e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole;
epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a,
ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann.
15 Pou sa, tout moun yo va imilye e limanite va abese;
anplis, [m]zye a ògeye a va vin febli nèt.
16 Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman
e Bondye sen an va montre [n]sentete Li nan ladwati.
17 Konsa, [o]jèn mouton yo va manje alèz konsi se nan chan patiraj
e etranje yo va manje pami ansyen mazi a moun rich yo.
18 Malè a sila ki rale [p]inikite ak kòd manti,
e ki fè peche tankou se kòd kabwèt;
19 [q]Ka p di: “Kite Li fè vit,
kite Li prese fè travay Li pou nou ka wè;
kite volonte a Sila Ki Sen an Israël la
vin rapwoche pou fè sa rive pou nou ka konnen!”
20 Malè a sila ki [r]rele mal la bon,
ak bon nan mal;
sila ki prezante tenèb la tankou limyè a,
ak limyè a kon tenèb la;
sila ki prezante sa ki anmè a kon dous,
e sa ki dous kon anmè.
21 Malè a sila ki [s]saj nan pwòp zye yo
e ki sipoze ke yo byen koken yo!
22 [t]Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la
e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,
23 sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab
e ki [u]rachte dwa a sila ki gen rezon yo!
24 Akoz sa, tankou lang dife a manje pay sèch yo
e konsonmen zèb sèch nan flanm nan,
konsa rasin yo va vin tankou pouriti,
e flè yo va vannen ale tankou pousyè;
paske yo fin [v]rejte lalwa SENYÈ dèzame yo,
e te rayi pawòl a Sila Ki Sen An Israël la.
25 Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a,
Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba.
Mòn yo te tranble
e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a.
[w]Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.
26 Konsa, Li va leve yon [x]drapo a yon nasyon byen lwen
e Li va soufle pou li soti nan dènye pwent latè;
epi gade byen, li va vini byen vit ak gwo vitès.
27 Nan nasyon sila a, nanpwen moun ki ni fatige, ni tonbe;
nanpwen moun k ap kabicha oswa k ap dòmi;
ni [y]sentiwon nan senti li pa lage,
menm bretèl sandal li pa janm kase.
28 [z]Flèch li yo file e tout banza li yo fin koube;
pye cheval li yo parèt kon pyè silèks,
e wou cha li yo tankou toubiyon.
29 Kri [aa]gwonde li tankou yon lyon
e vwa li tankou jèn lyon;
li fè gwo bri pandan l ap sezi viktim li an
e pote l ale kote nanpwen moun pou delivre li.
30 Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè.
Si yon moun anwò dlo [bb]ta gade vè latè;
men gade, tout fènwa ak gwo twoub.
Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.
<- Ésaïe 4Ésaïe 6 ->
- a Sòm 80:8
- b Jr 2:21
- c Mat 21:40
- d II Kwo 36:16
- e I Wa 8:35
- f Sòm 80:8-11
- g Mat 23:38
- h Éz 45:11
- i Pwov 23:29-30
- j Job 34:27
- k És 1:3
- l Pwov 30:16
- m És 2:11
- n És 8:13
- o És 7:25
- p És 59:4-8
- q Éz 12:22
- r Pwov 17:15
- s Pwov 3:7
- t Pwov 23:30
- u Sòm 94:21
- v És 8:6
- w És 9:12-21
- x És 13:2-3
- y Job 12:18
- z Sòm 7:12-13
- aa Jr 51:38
- bb És 8:22