Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 “Tande sa, O lakay Jacob,

ki rele pa non Israël,
ki te sòti nan dlo Juda la.
Nou [a]sèmante pa non SENYÈ a,
e envoke Bondye Israël la,
men san verite e san ladwati.
2 Paske yo rele tèt yo menm jan ak vil sen an
e yo [b]depann sou Bondye Israël la;
SENYÈ dèzame se non Li.
3 Mwen te [c]deklare ansyen bagay lontan yo,
yo te sòti nan bouch Mwen e Mwen te pwoklame yo.
Sibitman Mwen te fè yo, e yo te vin rive.
4 Akoz Mwen konnen ke [d]tèt ou di,
kou ou tankou ba fè,
e fwontèn ou tankou bwonz;
5 pou sa, Mwen te deklare sa a ou menm lontan sa;
avan yo te rive, Mwen te pwoklame yo a Ou menm,
pou ou pa ta di: ‘Se [e]zidòl mwen an ki te fè l;
imaj taye mwen ak imaj fonn mwen an
ki te kòmande yo.’
6 Ou te tande sa!
Gade tout sa!
Konsa, ou menm, èske ou p ap deklare li?
 
Mwen pwoklame [f]bagay tounèf yo a ou menm soti kounye a,
tout bagay kache a ke ou pa t konnen yo.
7 Se koulye a yo fèt, e pa lontan sa.
Avan jou sa a, ou pa t tande yo.
Konsa, ou p ap di: “Gade byen, mwen te konnen yo”.
8 Anverite, Ou pa t konn tande yo,
ni ou pa t konnen yo.
Menm depi lontan, zòrèy ou pa t ouvri,
paske Mwen te konnen ke ou aji nan koken.
Depi nan nesans ou, se [g]rebèl ou te ye.
9 [h]Pou koz a non Mwen, M ap fè kòlè Mwen pran ti reta;
pou koz lwanj Mwen, Mwen ralanti l pou ou,
pou m pa koupe retire ou nèt.
10 Gade byen, Mwen te rafine ou, men pa tankou ajan;
Mwen te fè ou pase a leprèv nan founo doulè a.
11 Pou koz pa M,
pou pwòp koz pa Mwen, Mwen va aji;
paske kòman non Mwen ka vin pwofane konsa?
[i]Glwa Mwen, Mwen p ap ka sede l bay yon lòt.
 
12 Koute Mwen, O Jacob,
menm Israël ke M te rele a;
Mwen se Li menm nan.
[j]Mwen se premye a.
E Mwen se osi dènye a.
13 Anverite, men M te [k]etabli latè,
e men dwat Mwen te louvri syèl yo.
Lè M rele yo, yo kanpe ansanm.
 
14 Rasanble, nou tout pou koute!
Se kilès pami yo ki te deklare bagay sa yo?
Sila SENYÈ a renmen; li va [l]akonpli sa li pito sou Babylone.
Men L va kontra Kaldeyen yo.
15 Mwen menm, Mwen te pale.
Anverite, Mwen te [m]rele li.
Mwen te mennen li,
e Li va fè chemen li yo vin reyisi.
16 Vin toupre Mwen, koute sa:
 
“Depi nan kòmansman, Mwen pa t pale an sekrè;
depi tan sa te rive a, Mwen te la.”
 
Epi koulye a [n]Senyè BONDYE a te voye Mwen ak Lespri Li.
 
17 Konsa pale SENYÈ a,
Redanmtè ou a,
Sila Ki Sen an Israël la:
“Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi,
ki [o]mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a.
18 Si sèlman ou te [p]okipe kòmandman Mwen yo!
Konsa afè ou t ap mache byen tankou yon rivyè,
e ladwati ou tankou lam lanmè yo.
19 Desandan nou yo t ap tankou sab e pitit ou yo tankou grenn sab.
[q]Non pa li pa ta janm vin disparèt ni detwi devan prezans Mwen.”
 
20 [r]Ale kite Babylone!
Sove ale devan Kaldeyen yo!
Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa.
Voye li rive jis nan dènye pwent latè.
Anonse li, “SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob.”
21 Yo pa t swaf lè Li te mennen yo travèse dezè yo.
Li te fè dlo sòti nan wòch pou yo;
Li te fann wòch la e [s]dlo te vin pete.
 
22 [t]“Pa gen lapè pou mechan yo”, SENYÈ a di.

<- Ésaïe 47Ésaïe 49 ->