Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 “Vin desann chita nan pousyè a, O [a]fi vyèj Babylone nan;

Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo!
Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.
2 Pran yon wòch moulen pou moulen farin.
Retire [b]vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo.
Travèse rivyè yo.
3 Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt.
Mwen va [c]pran vanjans
e Mwen p ap bliye pèsòn.”
 
4 [d]Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li,
Sila Ki Sen an Israël la.
5 [e]Chita an silans e antre nan fènwa a,
O fi a Kaldeyen yo,
paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo.
6 Mwen te fache ak pèp Mwen an;
Mwen te pwofane eritaj Mwen an,
e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou.
Ou pa t montre yo gras,
men menm ak [f]granmoun nan vyeyès yo,
ou te fè jouk ou byen lou.
7 Malgre, ou te di: ‘Se [g]rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’
Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.
 
8 “Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo,
ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt.
Mwen p ap janm [h]chita tankou yon vèv,
ni konnen pèt timoun.’
9 Men de bagay sa yo va rive sou nou [i]sibitman
nan yon jou:
pèt a pitit ak afè vin vèv la.
Yo va rive an mezi plen nèt;
malgre tout maji nou ak gwo pouvwa
wanga nou konn fè yo.
10 Ou te santi ou te [j]byen pwoteje nan mechanste ou
e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’.
Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou;
paske nan kè ou, ou te di:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.
11 Men [k]malè va vini sou ou ke ou p ap gen
maji pou detounen.
Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou.
Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk
va rive sou ou sibitman.
 
12 Kanpe fèm nan tout [l]maji ak wanga
ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo.
Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.
13 Ou vin [m]fatige ak tout konsèyè yo.
Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo,
k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo,
vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.
14 Gade byen, yo [n]tankou pay.
Dife ap brile yo.
Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo.
P ap gen chabon ki pou chofe kò yo,
ni flanm dife pou yo chita devan l!
15 Men kijan tout travay lavi ou ap tèminen:
Tout sa yo ki [o]fè komès ak ou depi nan jenès ou yo
va mache egare nan chemen pa yo;
nanpwen moun ki pou ta sove ou.

<- Ésaïe 46Ésaïe 48 ->