Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 [a]“Konsole, O konsole pèp Mwen an,”

pale Bondye ou an.
2 “Pale ak dousè ak Jérusalem.
Rele a li menm, ke [b]konfli li fini an,
ke inikite li retire a,
ke li te resevwa nan men SENYÈ a
doub pou tout peche li yo.”
 
3 Yon vwa k ap rele fò,
“Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a!
Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.
4 Kite tout vale yo vin leve wo,
e tout mòn ak kolin yo vin ba.
Kite move teren an vin pla,
e teren difisil yo vin yon vale ki swa.
5 [c]Glwa a SENYÈ a va vin parèt,
e tout chè va wè sa ansanm;
paske bouch a SENYÈ a fin pale.”
 
6 Yon vwa pale: “Rele fò.”
Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?”
[d] “Tout chè se zèb,
e tout bèlte li se tankou flè nan chan.
7 [e]Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
depi souf SENYÈ a soufle sou li.
Anverite, pèp la se zèb.
8 Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
men [f]pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”
 
9 Mete ou menm sou yon mòn ki wo,
O Sion, ki pote bòn nouvèl.
Leve vwa ou wo ak gwo pouvwa,
O Jérusalem, ki pote bòn nouvèl la!
Leve wo! Pa pè anyen!
Di a [g]vil Juda yo: Men Bondye nou an!
10 Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini [h]ak pwisans.
Se bra L k ap kòmande pou Li.
Gade byen salè Li avè L,
e rekonpans li devan L.
11 Tankou yon bèje, Li va [i]pran swen bann mouton Li.
Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo,
e pote yo sou lestonmak Li.
Ak dousè, Li va mennen manma a
ak ti mouton piti yo.
 
12 Se kilès ki te [j]mezire dlo nan pla men L?
Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri;
ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi,
ki te peze mòn yo nan gwo balans,
e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?
13 Se [k]kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a,
oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?
14 Ak kilès Li te konsilte,
e se kilès ki te [l]bay Li bon konprann?
Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la,
ki te enstwi Li nan konesans,
e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?
15 Gade byen, [m]nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit;
yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la.
Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.
16 Menm Liban pa kont pou brile, ni [n]bèt li yo
pa kont pou fè ofrann brile.
17 [o]Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L,
Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.
 
18 [p] A kilès, alò, nou ta konpare Bondye?
Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble?
19 Pou Zidòl la, se yon ouvriye ki fòme l,
ak òfèv ki [q]kouvri l ak lò
e fè chenn li an ajan,
20 Sila ki twò pòv pou fè ofrann sa a,
pran yon pyebwa ki pa konn pouri;
li chache jwenn yon mèt atizan pou prepare
yon zidòl ki [r]p ap deplase.
 
21 [s] Èske nou pa konnen? Èske nou pa konn tande?
Èske sa pa t deklare a nou menm depi nan kòmansman?
Èske nou pa t konprann sa depi nan fondasyon latè yo?
22 Se Li menm ki chita anwo [t]wonn tè a
ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan;
ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido
e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.
23 Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen,
ki [u]fè jij latè yo vin san sans.
24 Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen,
apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a,
Li sèlman soufle sou yo,
e yo fennen pou[v]tanpèt la pote yo ale tankou pay.
 
25 “Alò, [w]ak kilès ou va konpare Mwen,
pou M ta kapab vin egal avè l?”
pale Sila Ki Sen an.
26 [x]Leve zye nou anlè,
e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo;
Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo.
Li rele yo tout pa non yo.
Akoz grandè a pwisans Li
ak fòs pouvwa Li,
nanpwen youn nan yo ki manke.
 
27 Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël:
“Chemen Mwen an kache de SENYÈ a
e [y]jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?
28 Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke [z]Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
29 Li bay fòs a sila ki [aa]fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30 Malgre moun [bb]jenn yo febli e vin bouke,
e jenn nom plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va [cc]renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.

<- Ésaïe 39Ésaïe 41 ->